❤💙LE MIEL DU DIABLE💙❤

1 1 0
                                    

💙💙💙💙💙FEYTON💙💙💙💙
❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤
❤💙LE MIEL DU DIABLE💙❤
💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛
ÉCRIT PAR: LA POÉTESSE TRACY
💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚

#EPIZÒD17

👉Aprè Alfonso fin'n wè Taki ak Rodj , Zye Taki al tonbe nan zye'l men fas Rodj te bay pa lòtbò , li pat remake si Alfonso te remake yo.

👉Apèn Rodj fin'n anbrase Taki epi Alfonso di :

👴Bonsoir !

👉Aprè yo fin'n repon'n li epi Alfonso di :

👴Takiara , Stp ! m'ap bezwen kèk sèvyèt nan chanm mwen an kounya.

👉Rodj ki panse ke Alfonso pat gentan wè'l , li fè ekspre li di Taki:

👨‍🦱Mèsi pou Ju an ou te pote ban mwen an Takiara!

👉Takiara pran pòz l'ap souri men ofon kè li t'ap bat anpil.
epi li tou deplase pou al pote sèvyèt lan bay Alfonso.

👉Kèlke minit aprè :

lè Takiara rive nan chanm Alfonso an , li wè li kanpe byen move epi Alfonso di li :

👴Se sur ke ou gentan kon'n poukisa ke'm rele'w...?

👉Takiara bese tèt li epi li kouri di:

🙎‍♀️Mwen konnen ou ap revoke'm , men Tanpri pa akize Rodj , se mwen ki te sedwi'l men li toujou ap repouse'm.
se fòt mwen ! ou mèt revoke'm men tanpri pa blame Rodj ni kite pèsòn moun konnen jis banm santans pam pito.

👉Alfonso gade'l fiks epi li di:

👴Se pa mesye "Rodjino" ankò , se " Rodj" sa prouve'm ke se yon moun ou abitye avèk li lontan , Takiara.

👉Takiara te kòmanse ap bege epi li di :

🙎‍♀️Heuu! heuu! anfèt ! se..se...

👉Alfonso kouri di li :

👴Anplis ou renmen'l tout bon ! gad kijan w'ap epanye'l ! se sur ke nou ansanm lontan , pa vre?

👉Takiara di :

🙎‍♀️se la verite se mwen ki toujou ap fòse'l , men se Helena ke li renmen.

👉Alfonso tonbe ri aprè li di:

👴Te gen yon epòk m'te apeprè gen menm laj ak Rodjino , e'm te tonbe damou de pwòp sèvant mwen tou. Se te yon bèl demwazèl menm jan avèk ou e nou gen anpil pwen komen ansanm.
tèl ke ; rega ou , bouch ou , demach ou anplis jantiyès ou vrèman idantik avè'l.
Mwen te renmen'l anpil men mwen te pran yon move desizyon paske'm te nan inyorans.
petèt si'm te fè chwa de li jounen jodi an li te ka toujou nan vi'm.

_Pa banm manti ! rakonte'm tout bagay! ou te ka pitit mwen.
M'ka pote yon bon konsèy pou ou etan ke yon moun ki deja veku yon istwa parèy.

👉Takiara te kòmanse ap tranble , Alfonso rale yon chèz pou bal chita , pandan l'ap fikse'l byen serye.

👉Taki te kòmanse ap esplike li pakou relasyon an ak zye li ranpli ak dlo , kou li fini ak vwa li plen sanglo li di konsa :

🙎‍♀️Mwen konnen ke yon ti sèvant tankou'm pap janm ka gen Rodjino , men se pa fòt mwen , a chak fwa pou'm bay vag santiman fini pa mare'm pou antre pi fon sou li , men mwen pa vle goumen ak reyalite an , m'ap fini pa disparèt nan vi'l to ou ta , byen ke'm konnen nou 2 an pral soufri anpil.

👉Alfonso akroupi devan li pandan li pase men anba zye'l aprè li di:

🙎‍♀️Takiara ! se pa ou ni Rodj ki fè chwa de lòt men se lanmou ki deja chwazi nou.
Rodjino deja pou ou daprè tout sa ke ou sot rakonte'm la , misye deja prè pou konbat obstak yo , men fòk nou pran yon desizyon pou proteje vi nou e fòk nou atan'n ak tout move bagay ke desizyon sa ka koz nan avni nou tou.
men konnen ke depi santiman an toujou pi fò , mwen ret kwè ke n'ap ka konbat tout bagay k'ap vini yo.

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now