💙💙LE MIEL DU DIABLE💙💙

0 0 0
                                    

❤❤❤❤FEYTON❤❤❤❤❤
💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖
💙💙LE MIEL DU DIABLE💙💙
❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤
ECRIT: LA POÉTESSE TRACY
💙💙💙💙💙💙💙💙💙💙💙💙

#Epizod20

👉Pandan Julie fin'n wè Adriano ak Miranda , se menm moman Adriano vin'n remake li tou , epi Adriano ale pou li travèse lari an pou l'al jwen'n li , Julie tou vire l'ale , pandan l'ap mache byen prese pou'l kouri pran yon taksi.

👉Miranda pat gentan wè sa li te gentan pran yon moto pou l'ale.

👉Pandan Adriano ap kouri dèyè'l epi l'ap di byen fò:

🏃‍♂️Julie ! Julie ! stp ! kanpe tan'n mwen Tanpri...

👉Apèn Julie pral vire nan yon lòt kafou san zatan'n gen yon moto ki antre sou li , epi'l tou tonbe nan mitan lari an.

👉Chofè moto an te gentan kouri , pandan te plen moun ki vin'n antoure Julie atè an.

👉Adriano tonbe kouri pi vit , lè'l rive nan mitan fou'l lan , li tonbe pouse moun yo pou evakye yo , aprè li kouri ajenou devan Julie atè an , pandan li soulve tèt li e sere li nan bra'l.

👉Ak zye li ranpli dlo , li tonbe sekwe Julie men domaj Julie pat janm reveye. Lè li wè sa li kouri fè yon moun ede'l soutni'l pandan li tou kouri al mete li nan machin'n li , aprè li kouri pran kle'l pou'l mennen li lopital.

👉KÈLKE MINIT APRÈ LÈ YO RIVE:

👉Doktè yo gentan fè entèvansyon e kouri nan sal avè'l , pandan Adriano menm kouri rele Takiara pou anonse li sa , san vrèman bal plis eplikasyon aprè li rakroche.

👉Takiara bò kote pa'l te tonbe ap kriye , lè Rodjino poze li kesyon , li tou rakonte'l sa ki pase an , epi Rodjino kouri pran li nan bra'l aprè li di:

👨‍🦱Rete optimis bebe ! mwen ret kwè Gras a dye tout bagay ap byen pase.

👉Epi Rodjino kouri al pran yon ròb nan chanm li an pou li , pandan li kouri retire sak te sou li an e mete ròb lan sou li , aprè li di'l :

👨‍🦱Rele patnè a ankò mande li nan ki lopital li ye , annou rive wè li bb.

👉Takiara pat ka sispan'n kriye pandan tout nan machin nan Rodjino te kenbe men li a tout l'ap kondwi l'ap bo do men li e rekonfòte'l ak paròl jis pou Takiara ka kalme li.

👉KÈLKE MINIT LÈ YO RIVE:

👉Adriano te rive kontre yo nan lakou an , pandan Rodjino menm kouri antre anndan an pou al eseye ransenye pi plis de eta Julie , Adriano menm t'ap eseye esplike Takiara kòman sa fè rive.

👉San Adriano poko menm fin'n esplike'l , Taki kouri di'l :

🙍‍♀️Tout sa se fòt ou ! ou konnen byen Taty mwen renmen ou , li gen plis ke 6 zan avèk ou , ou chita w'ap jwe ak santiman li , w'ap ba li manti , w'ap blofe li , poutan limenm li toujou la pou ou nan moman difisil ou yo , li toujou prè a tou pou ou nan tout bagay , menm yon ti gout konsyans ou pa genyen pou ofri'l yon minimòm de respè.

_Ou konnen ke ou pap janm ka chanje pou li , pwiske plezi'w se fè krèy , al nan program ak fanm , pran plezi ou ak tout kalite de fanm pandan ou chita w'ap bay Taty'm fo espwa.

_ou gen pou bezwen lajan pou achte yon fanm tankou taty'm , se nan souvni li yo sèlman w'ap jwen'n li. Mechan ! vakabon ! se sèl Taty an mwen genyen  ou dèyè detwi bonè pa'm tou antouka mèsi bokou.

👉Adriano te jis bese tèt li ap tande san jamè di anyen , Taki te kontinye ap pale pandan l'ap frape men li byenfò sou lestomak Adriano , lè Adriano wè sa li kouri sere li nan bra'l pandan li di:

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now