💕💕💕💕 LE MIEL DU DIABLE 💕💕💕💕

2 1 0
                                    

_                LE MIEL DU DIABLE      _

                        FEUILLETON

💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞

ÉCRIT PAR : LA POETESSE TRACY

PAGE          : Francois Cycy Tracy

                    : Tracy Cycy

                    : Francois Tracy

ANOTHER PAGE

                   :  L'art De CYCY

                   : TRACY Raconte moi une Histoire SVP.

💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕

AVÈTISMAN :

FEYTON SA PA OTORIZE POU'L BAY SOU OKEN'N LÒT PAN ,NI GROUP ,NI WHATSAPP UNIKMAN SOU SA , SI YON MOUN ANVI WÈL JUS SIKJERE'L VIN'N LI'L SOU SA ,E MEYÈ FASON OU TE KA SPONSORIZE'L SE PA NI POU BAY KÒB NI POU BAY KAT NI KWAKSESWA ANNIK LIKE LI AVAN OUBYEN APRÈ'W FIN'N LI JÈS SA SUFI POU DEMONTRE'M KEW RENMEN'L E KEW ENTÈRESE LÈ SA MA FÈ PLIS SAKRIFIS POU'M TOUJOU POTE LI ,PA TOLERE MOUN KAP VÒLÈL ,NI MODIFYE'L OU GEN DWA POU'W PATAJE'L MEN PA KOPYE'L , SIW PA TA RENMEN LI KANPE NAN ROUT EBYEN PA KITE MALFWA SA YO BARE ROUT MWEN POU ANPECHE'M  KONTINYE 'L .

💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕💕

BÒN LEKTI E MÈSI
💚💛💜💚💛💜💚
EPIZÒD NIMERO 2

👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇👇

👉APRÈ TAKIARA FIN'N MANDE RODJINO KISA KE LI SOT DI AN

RODJINO KOURI DI LI :

_Ohh sorry ! Se pa avè w ke'm ye , se baskèt lan mwen tap gade jan Jackson kite steeve fè yon panye enbesil sou li .

_TAKIARA PRAN PÒZ LI SOURI EPI LI DI:

_Men eske ou pa konte fè vi'w yon jou ?

_RODJINO GADE LI EPI LI DI :

_Pafwa ou gendwa prè pou fè vi'w men  moun ou chwazi an li gendwa pa partan pou'l fè chimen an avèk ou, le plu souvan ou kon'n anvi rive lwen ak yon moun nan yon distans ke'w pat janm imajine ,poutan moun an kesyon an limenm li  jus ofri'w yon ti miniskil plas kòm pi meyè longè distans li te ka ofri ou .

_TAKIARA BESE TÈT LI POU KÈLKE SEGOND PANDAN LAP REFLECHI E PANDAN DLO KAYE NAN ZYE LI ,LAP PRAN KÈ POU LI PA KOULE EPI LI DI :

_Tu as raison ! Pafwa ou kon'n ofri tout oumenm jus pou'w fè kè yon moun kontan , ou kon'n bliye pwòp tèt ou jus pou'w fè pwòp bonè pa li poutan limenm li pa janm sonje menm yon jou tout sakrifis ke'w te kon'n fè pou li yo ,pafwa on dirè gen moun ki antre nan vi'w se pa pou'l fè'w ere vrèman ,men jus pou'l ba'w yon leson.

_LÈ RODJINO REMAKE KE LI TRIS , LI GLISE MEN LI LANTMAN ANNDAN PLA MEN PA LI EPI LI DI :

_Mais une bonne leçon ! Pafwa gen de moun ki fè'w mal se pa paske li jus wè ke'w merite'l men li jus ede' w wè ki vrèman plas ki merite'w. 

Paske gen de mal yon moun fèw li ede'w diferansye talan yon ekriven e pa yon doktè paske kèlke mo ka sufi pou fèw souri ,men li gendwa ensufizan pou'l ofri vrèman yon ultim bonè, se menm jan yon piku o debu sereng lan du anba po'w men sa yap enjere'w lan li bon pou sante'w , jus pou'm di'w pafwa lè yon moun sot nan vi'w li kon'n panse li fèl an favè tèt li men ou gen pou dekouvri ke se pi gro favè ke li te ka fèw le jou ou vin'n reyalize ke ou vin'n renmen yon lòt pi plus pase'l e ki renmen'w pi plis an retou.

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now