💖💖LE MIEL DU DIABLE💖💖

1 1 0
                                    

💖💖💖💖FEYTON💖💖💖💖
💜💜💜💜💜💜💜💜💜💜💜
💖💖LE MIEL DU DIABLE💖💖
💙💙💙💙💙💙💙💙💙💙💙
ECRIT PAR : La Poetesse Tracy
💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝

#Epizod14
==========

👉Aprè Teresa fin'n poze  Rodrino kesyon , Rodrino kouri di :

👨‍🦱Heuu! non ! non ! Nooon! m'pa rekonèt li.

👉Teresa gade'l fiks pandan li di:

👵Men , kòman ou fè konnen ke li bèl ?

👉Rodrino kouri di byen serye:

👨‍🦱Paske Rodj te montre'm foto li.

👉Teresa di :

👵Hann ! ok , ebyen degaje'w fè sa'm di'w lan ok. sanble m'ap oblije fè Helena retounen pou'm chanje plan an.

👉Rodrino souri san di anyen , epi Teresa tou vire al nan biro li.
__________________________________

NAN PITA :

👉Alfonso te gentan sot travay , e pandan Taki t'ap ranje kouvè pou ba li manje , li tonbe ap fikse li pandan Takiara te santi li yon ti jan jennen.

👉Alfonso di li :

👴Ou pa bezwen met anyen nan tèt ou le fè ke m'ap fikse'w men se paske ou tèlman raple'm yon moun , fizik ou raple'm anpil bèl moman nan jenès mwen ke'm te kon'n pase avèk li , e ou gen menm demach avè'l.

_Sa'w panse si mwen ta fè'w antre nan mannkina pou Mak rad e prodwi'm yo , ou tèlman bèl e gen yon bèl kò mwen t'ap trò kontan travay avè'w . Anplis VALENTINO  te deja mande'm yon bèl mannken pou mete sou prochen magazin li an.

👉Takiara te kontan tande sa men li te ezite , aprè li di:

🙎‍♀️Mwen ta byen renmen sa vre , men mwen gentan siyen yon kontra ak pitit ou Helena , se domaj , mèsi kanmèm pou òf lan.

👉Alfonso di li :

👴M'ka koupe kontra an pou ou si ou vle. E m'ap peye'w 1000 us pou chak seyans foto ou.

👉Takiara sezi tande sa , epi li kouri di :

🙎‍♀️Vrèman ? 1000 us ? li t'ap byen itil mwen ak etid mwen vre.

👉Alfonso souri aprè li di :

👴M'ap ba'w ti tan pou reflechi , aprè wa banm repons.

👉Takiara di li mèsi , pandan Alfonso ap gade li an souriyan.

👉Aprè Taki fin'n bal manje an , li kouri al nan chanm li , epil rele Julie pou rakonte'l de propozisyon Alfonso an , kou yo fin'n pale , dòmi tou pran li.

👉Kèlke minit aprè :

👉Rodjino vin'n sot travay.
Li kouri desan'n machin li tèlman li te anvi wè Taki . Aprè l'al frape pòt chanm li an , men Taki pa janm vin'n louvri.

👉Sa te ran'n li enkyè opwen ke li kouri pran yon echèl e mete'l dèyè do chanm Taki an .
Lè li monte pou'l gade pa nan fenèt lan ,  li wè Taki sou kaban'n nan imobil.
epi'l tonbe rele byenfò:

👨‍🦱Taki ! Taki ! Takiaaaara ! Bebe ! cherie ! Takiiii wi !

👉Lè li wè li pa repon'n li kouri ale pou'l desan'n pou l'al kraze pòt chanm lan pou'l antre , menm moman an Taki reveye ,e pandan li voye zye'l nan fenèt lan , li wè men li ki kenbe bout mi an epi'l kouri di :

🙎‍♀️wi ! wi ! wi ! mwen t'ap dòmi.

👉Rodj depoze men li sou kèl pandan li pouse yon gro " Oufff" aprè li di :

 LE MIEL DU DIABLE Où les histoires vivent. Découvrez maintenant