LE MIEL DU DIABLE

1 1 0
                                    

-                     LE MIEL DU DIABLE      -

            
                           FEUILLETON

ECRIT PAR : La Poetesse TRACY

PESONAL PAGE :  Francois cycy Tracy

                              : Francois Tracy

                               :Tracy Cycy

-Pa Bliye Like epizod lan avan ke  ou li'l , yon fason pou'w te ka pa bliye remèsye'm pou distraksyon plen konsey sa ke map pote pou gratwitman , konsa wa ankouraje m pote suit yo pi vit toujou (Mèsi)

( Bòn LEKTI)

👉EPIZÒD #6

Aprè takiara fin'n benyen , Rodjino te sòti avèl pou y'al peche an , lè yo rive sou bato an telefòn takiara vin'n sone epi li pa vle repon'n , aprè Rodjino di li :

Poukisa ou pa repon'n , gendwa se yon apèl ijan ?

-Takiare repon'n li :

Pa vrèman se Èks mwen an kap plede Nwi'm cheri...

-Rodjino souri epi li di :

Men kanmèm repon'n li pou tande sa l'ap di...

-Takiara gade'l aprè li di :

Si ou te deja fin'n li yon liv ki pat entèresan m'pa wè li nesesè pou w'ap fè rezime li.
EX vle di pase pou mwen kidonk m'pa gen tan pou'm fè bak , paske pase pam gentan jwi kont tan kem te ofri'l kounya se a prezan'm ke m'ap konsakre tanm yo cheri.

-Rodjino gade'l tand ak yon zye pèsan epi li di:

De jou an jou mwen fini par ran'n mwen kont ke mwen pa tronpe'm de pèsonalite'w , yon fanm ki gen kran e ki gen karaktè se youn nan bagay ki lesansyèl pou ofri'l tout respè ke li merite. Je t'aime !

-Takiara souri pandan li di li :

Moi aussi Je t'aime bebe...

Epi yo kòmanse pèch yo an pandan y'ap bay blag , yap bwè du v*n e tou profite admire peyizaj alantou yo an.

-KÈLKE ZÈ APRÈ

Apèn yo antre Takiara di li :

ki meyè fason yon fanm ka demontre yon nèg ke'l renmen'l ?

-Rodjino repon'n li :

Montre ke ou diferant e ke w ka fè plus ke sa yo te kon'n ofri'l oparavan ki te bon e prouve'l  ke ou pap fèl menm sa ke sa yo te kon'n fè  ki te kon'n ran'n li soufri o debi , yon fanm ki ka fè diferans sa li se yon laplipa pami tout sa ki rar yo.

-Takiara gade'l tendre pandan li di :

sa fem plezi tande sa , byen ke pifo nèg toujou ap mande sèks kòm prèv lanmou...e ou vrèman diferan oumenm.

-Rodjino repon'n li :

yon nèg ka kouche divès fanm pandan li renmen yon sèl gren'n ladan yo , se pa paske lòt yo pi bèl men se gendwa se gren'n sa ki pi bon , jis poum diw ke sèks se jis yon kontribisyon nan bonè yon koup men meyè prèv lan li chita nan kèw e vizib nan aksyon'w li pa lòt ke santiman , yon nèg ka pran pasyans pou'l kouche yon fanm kel renmen men li pap pedi tan nan yon fanm ki pa vle kouche avèl ke li pat vreman renmen ni gen bezwen .

-Takiara aproche'l pandan li di :

Mwen ta renmen kòm kontribiye nan bonè'w , se pa mwen ki ta vle presipite men ou irezistib , on dirè ou fè eksprè pou lapide tout kapris mwen ak rega ou e tout pasyans mwen ak paròl ou , ou banm anvi goute'w , ou banm anvi sere'w nan bra'm pandan swe kow ap tiktakte sou po'm.

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now