💛💜LE MIEL DU DIABLE 💜💛

0 1 0
                                    

💙💙💙💙FEYTON💙💙💙💙
💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖
💛💜LE MIEL DU DIABLE 💜💛
  🧍‍♂️💙💙💙💙💖💖💖💖💖🧍‍♀️
ECRIT PAR: LA POÉTESSE TRACY
💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛
💜💜💜💜EPIZÒD#9💜💜💜💜
❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤

👉Aprè Takiara te fin'n manke tonbe sou mach lan , Rodj limenm te tèlman sezi  li rete bouch ouvè.

👉Helena menm di konsa :

🧍‍♀️Ou oké Mademwazèl Takiara ?

👉kè Takiara te tèlman ap sote pandan Rodjino limenm pat ka kwè si se Takiara ki la vrèman.

👉Epi Takiara kouri chanje ekspresyon vizaj li , ak yon gran souri li di konsa :

🧍‍♀️Wi Madam Helena ! sè jou si mwen yon ti jan stresé , mwen vrèman dezole ! padone'm si mwen te yon ti jan distrè.

👉Helena souri pandan li di :

🧍‍♀️T'inquiètes ! pafwa mwen konsa tou brèf...
Heuu!  Mwen ap prezante'w fiti mari mwen.  Nom li se Rodjino , nou  gen 5 ane ansanm e nou prevwa marye byento.

👉Takiara lonje men li pou salye Rodjino pandan men li t'ap tranble , Rodjino menm pat gen ase kran pou fikse li nan zye.

👉Epi an souriyan Takiara di li :

🧍‍♀️An chanté mesye Rodjino ! mwen vrèman kontan pou'm travay avèk nou.

👉Rodjino fè sanblan ke li souri tou , pandan Helena vire gade'l epi li di :

🧍‍♀️Oui mon chéri ! toute à l'heure tu disais....?

👉Rodjino rete byen move pandan li di'l :

🧍‍♂️Mwen t'ap di'w ke mwen vle pran yon meyè desizyon pou tèt mwen. kidonk mwen chwazi bay relasyon an vag , paske mwen deja trouve moun ke kè'm dezire an.
Mwen prè pou'm lese tout bagay tonbe , men sipan'n pote manman'm plent pou mwen , paske mwen vle nou jere sa tankou 2 granmoun.

👉Helena te santi li yon ti jan anbarase pandan li pran pòz li tonbe ri aprè li di :

🧍‍♀️Ou toujou ap fè blag oumenm ! ou pa wè nou gen etranje la cheri?

👉Rodjino di li byen fò :

🧍‍♂️Je m'en fous Helena ! Mwen rayi lè m'ap pale serye oumenm w'ap detounen'm . Mwen vle nou pale trè serye sou sa oké.

👉Lè Takiara wè ton yo ap monte , li di eskize'l l'ap fè ti deplase , se menm moman an Helena di Rodjino konsa :

🧍‍♀️You are Crazy ! aprè tout sa mwen Fucking fè pou ou , se konsa ou chwazi remèsye'm Rodj ? You are an ungrateful man.
This bitch takes your head.

👉Helena pat vle pou Takiara twò okouran de sa y'ap diskite an ki fè li chanje paròl yo an anglè , pandan li tou profite voye yon vè dlo nan figi Rodjino pandan zye li te ranpli ak dlo.

👉Rodj gade li ak yon rega kolerik pandan li di'l:

🧍‍♂️Calm Down Helena ! This bitch is my life , she is everything for me . rele'l tout nom ke ou vle l'ap stil rete moun ke kè'm dezire an oké.

👉Rodjino tou vire do'l pou'l ale , se menm moman an Helena di li :

🧍‍♀️Kisa ou di'm fè ak pitit ou an ki nan vant mwen an Rodjino? hien...?

👉Lè Rodjino tande sa li ralanti pandan li tou vire gad Helena tou etone epi li di'l:

🧍‍♂️Pa di'm ou ansent Helena?

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now