🌷🌷 LE MIEL DU DIABLE 🌷🌷

0 1 0
                                    

🌹🌹🌹🌹FEUILLETON🌹🌹🌹🌹
🌻🌻🌻🌻🌻🌻🌻🌻🌻🌻🌻🌻🌻
🌷🌷 LE MIEL DU DIABLE 🌷🌷
🌼🌼🌼🌼🌼🌼🌼🌼🌼🌼🌼🌼🌼
ECRIT PAR: LA POÉTESSE TRACY
🦋🦋🦋🦋🦋🦋🦋🦋🦋🦋🦋🦋🦋
Pa bliye LIKE/SHARE se sèl fason ou ka ankouraje'm kontinye feyton an. Si tout fwa ou ta renmen fè pati de group VIP mwen an afen ke ou jwen'n epizòd yo avan lè , Jis ENVITE omwen 5 moun pou vin'n like e pataje epizòd yo tou. (Mèsi)
W'ap jwen'n tout ansyen epizòd yo sou paj sa : LA POÉTESSE TRACY
❤🧡💛💚💙💜❤🧡💛💚💙❤
🌻🌻🌻🌻EPIZÒD#10🌻🌻🌻🌻
❤💙❤💙❤💙❤💙❤💙❤💙

👉Aprè Rodrino fin'n poze Takiara kesyon an , Rodjino kouri di :

🙎‍♂️Pandan ou la banm tou diskite sa avè'w , paske'm te byen gen bezwen'w.

👉Li kouri pran men Rodrino pou fè'l deplase pandan li di Helena fon ti eskize yo y'ap vini talè.

👉Kou li rive pi ba nan lakou an li di Rodrino konsa :

🙎‍♂️Tanpri ! pou yon fwa m'ap mande'w yon gran sèvis , evite pale de Takiara devan Helena tanpri baz.

👉Rodrino tonbe ri aprè li di:

🙎‍♂️kidonk , an gro ou tou konfime'm se Laki "aaah m'toujou ap bliye" Takiara ki la vre Rodj ? Paske'm wè yo sanble anpil.

👉Rodjino pouse yon soupi pandan li rete tèt bese , aprè li di:

🙎‍♂️Wi , Malerezman se li baz.

👉San Rodrino pa tan'n Rodjino fin'n pale , li kouri di :

🙎‍♂️Ou anraje wi Man ! pou gen kè ou pran fanm ou vin'n met anfas madanm ou. W'ap fè doub paking bro ? Genlè nou met ansanm pou nou souse kòb Helena yo ?

👉Rodjino mare figi li pandan li di li byen fò:

🙎‍♂️Avan'w kouri agimante'w poukisa ou pa mande plis esplikasyon pito , ou pa menm banm chans pou'm fin'n esplike'w menm epi w'ap pale tenten.

👉Rodrino di li :

🙎‍♂️Hmmm! m'ap tande'w wi baz.

👉Se lè an Rodjino rale yon souf aprè li di:

🙎‍♂️Manzè pat janm konnen si'm te gen lajan vre , paske'm te fè li kwè le kontrè jan ke'm te di'w lan.
Men mwen te promèt li ke'm vle ale pi lwen avè'l an atandan li kontinye etid li.
Men limenm tou li banm manti li pat janm di'm ke se sèvant ke li pral fè , se yè pandan li vin'n la mwen tèlman sezi e depi menm yè an tou li refize pale avè'm , e'm sur ke li gent1n kite'm.

👉Pandan yon gout larm ale pou koule nan zye Rodjino konsa , Rodrino kouri di li:

🙎‍♂️Kenbe eskanp figi'w monchè ! se gason ou ye wi , oh oh !
Ou pran nan zip-pip vre wi baz!

E pèmèt mwen di'w sa , manzè ankò pi bèl an vrè.  E jan'w esplike'm nan , m'deja wè ke li se yon fanm ki gen anpil kalite , si ke li aksepte'w san konnen si ou gen lajan , anplis li chache fason pou li ede tèt li. Waw! enpresyonan!
Se domaj ke ou pral pèdi yon fanm parèy , men ankò mye pou Helena.

👉Rodjino tchuipe'l pandan li di:

🙎‍♂️Se sèl fason sa ou jwen'n pou rekonfòte'm man .
An'n ale ok , lè'm sot travay na gentan pale de sa nan telefòn. sèlman sonje sa ke'm di'w lan , kontrole bouch ou sinon m'ap met sekrè ou yo nan lari tou.

👉Rodjino pete ri aprè li di:

🙎‍♂️Ooh! poukisa tout vyolans vèbal sa ! kwè'm m'ap rete "Muet comme une tombe  frero" mwen promèt ou sa baz.

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now