💥💥LE MIEL DU DIABLE💥💥

0 1 0
                                    

💙💙💙💙FEUILLETON❤❤❤❤
💥💥LE MIEL DU DIABLE💥💥
💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖💖
ECRIT PAR: La Poétesse Tracy
💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝
Meyè fason pou ankouraje'm se LIKE/SHARE tout epizòd🥰
si tout fwa ou ta renmen fè pati de group VIP mwen an pou'w ka jwen'n epizòd yo davans , jis ENVITE omwen 5 moun pou pi piti vin'n LI /LIKE/SHARE tout epizòd yo tou. Mèsi davans ! ❤

👉Si tout fwa ou poko jwen'n ansyen epizòd yo monte sou paj sa . LA POÉTESSE TRACY epi w'ap jwen'n tout ansyen yo.
💛💚💛💚💛💚💛💚💛💚💛💚💛

👉Aprè Julie fin'n sezi pou sa Rodjino sot di an , epi li di Julie konsa:

🤦‍♂️ wi Taty Julie ! sa'w tande an se sa e se la vérité malerezman.
men jis banm kèlke minit pou mwen esplike'w avan'w kouri jije'm tanpri.

👉Julie gade'l fiks nan zye aprè li di :

🙍‍♀️ Ok m'ap tande'w wi !

👉Rodjino bese tèt li sou volan an pandan l'ap evite pou zye li pa kwaze ak rega Julie , aprè li di:

🤦‍♂️Ou gendwa an koup fizikman men moralman , mantalman e menm fizikman ou santi'w selibatè. "An gro"  jis pou'm di'w ke se vre mwen gen yon moun nan vi'm deja , men se tankou mwen t'ap respire san vrèman mwen pa t'ap viv.

_Men depi lè'm fin'n kwaze Taki , imedyatman mwen retrouve souri'm , imedyatman mwen jwen'n gou a lavi. Youn nan rezon mwen pat ba li verite se paske mwen te met nan tèt mwen ke m'ap fini pa fè reyalite sa devni le pasé jis pou'm reyalize rèv mwen ak Taki. Malgre mwen te fè anpil tanta pou'm ta mete'l okouran men li pat janm banm chans lan Taty.
Mwen renmen'l ! Tanpri ede'm.

👉Julie pouse yon soupi aprè li di:

🧏‍♀️Mwen konpran'n ou e'm viv yon istwa idem , men sa pa vle di pou otan pou'm aplodi'w Rodj.
Tout moun pa reaji menm jan fas ak yon reyalite ou yon verite ki te kache , paske gen moun ki fin'n fè'w konfyans imedyatman ke gen bagay ke li vin'n okouran ke'w pat janm mansyone'l oparavan , li ka pran sa kòm yon gro trayizon e sa ka menm koz tout verite ke ou vin'n ba li aprè pou limenm yo tout se mansonj ,kidonk li foure tout nan menm panye.

Paske li pral entèroje pwòp tèt li avèk anpil dout , kote ke li ka menm doute de santiman ke'w gen pou li an. paske Mansonj se pi gro faktè ki ka detwi espwa ki te gen nan yon relasyon Rodj.

👉Rodjino leve tèt li pou gade Julie pandan dlo ap koule nan zye'l aprè li di:

🤦‍♂️Mwen renmen'l Taty ! menmsi ou ta pranm kòm yon gro blofè , tanpri konsidere sa'm di'w lan kòm premye verite ke'm ba ou. Mwen renmen Taki ! mwen renmen'l ! mwen renmen'l Taty ! kwè'm tanpri!

👉Julie gade'l epi li di:

🤦‍♂️Gen bagay ou pa oblije repete'l pou moun kwè'w , paske'm ka wè sa deja a travè rega ou , e menm chè de poul k'ap leve sou po'w lè'w ap pale de li , fason ou mete santiman'w anndan paròl ou pou'w eksprime'w de li , sa sifi pou'm wè ke ou renmen li anpil men ou komèt yon gran erè Rodj , paske Taki pa renmen moun ba'l manti e mansonj se youn nan bagay ki te brize kè li nan premye relasyon li an , se kòmsi ou vin'n mete abse sou klou an.

👉Rodjino kouri kenbe men Julie pandan li di:

🙎‍♂️Tanpri ede'm Taty paske si Taki kite'm menm souri'm ap kouri  kite'm , menm lonbraj mwen ka pè pwòp tèt mwen. Je t'en prie Tante Julie !

👉Julie gade'l tou dezole aprè li di:

🙎‍♀️Je connais ma nièce ! elle strictement prudente ! men sèl avantaj ke'w genyen sè ke ou se premye nèg ke'l renmen nan eta sa , mwen panse meyè fason pou genyen konba sa se fè sa ke'w te swete an ki se " Fè reyalite an devni le pasé " mwen pa garanti'w men omwen ou ka tante rekonkeri'l.  E Taki pap janm dakò pataje yon moun ke'l renmen vwa pou li ta chwazi jwe 2zyè'm plas nan vi'w. Balon an nan pye'w Rodj.

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now