- LE MIEL DU DIABLE _

1 1 0
                                    

-                        LE MIEL DU DIABLE                 _

                   
                              FEUILLETON

ECRIT PAR : La Poetesse TRACY

FACEBOOK PAGE :

                                Francois Tracy

                                francois cycy tracy
   
                                Tracy cycy

............................................................👉EPIZÒD #5

-Pa bliye Like epizòd lan avan osinon aprè ou fin'n li'l yon fason pou'w te ka remèsye'm pou divètisman ke Bondye pèmèt mwen ofri nou san yon goud .

...................................................................................

BÒN LEKTI ...

APRÈ RODJINO FIN'N ATRAPE TAKIARA KI TAP KOURI ANBA LAPLI AN , LI BAP LI POTE'L EPI LI DI:

_kèlke swa distans ou ta retrouve'w yon jou , si par aza pa ta gen oken'n mwayen de transpò , mwen ta prefere mache a pye nan direksyon ke'w trouve'w lan petèt menm van an ta anpòte odeur kò ou sou chimen mwen pou'm renifle , menmsi san kontrole pye'm ta chape tonbe nan lanmè ou du mwen yon machin ta èrte mwen , m'tap aksepte defèt mwen avèk fyète. Paske viv san prezans ou se deja yon demolisyon kidonk ni lanfè ni lanmò pa ka banm presyon Je t'aime Taki!

TAKIARA VALE SALIV LI AK YON TI LÈ TRIS EPI LI DI :

-Si tout fwa mwen ta retrouve'm trè lwen se sur mwen pa tap pou kont mwen , mwen t'ap avèw e akonpanye de tout santiman ke'm gen pou ou  yo Rodj.

RODJINO KOURI FÈL KANPE PANDAN LI PASE DWÈT LI LANTMAN SOU PO BOUCH Li ,APRÈ LI APROCHE FIGi'L LANTMAN E ANBRASE LI TANDREMAN EPI LI DI :

ou se yon ti gren'n vigil ki fè swit ak tout sam tap reve nan lavi , m'promèt ou ke m'ap toujou la pou ou Taki.

TAKIARA SOURI EPI RODJINO DI :

wow on dirè ou plu bèl lè cheve'w mouye , anplus wap tranble tankou yon poul sa ogmante sou bote ou ...

YO TONBE RI PANDAN RODJ PRAN MEN LI EPI LI DI :

_an'n antre paske si'w malad sou kont mwen map santi'm koupab sitou matant ou te mande pou'm pran swen'w...

APRÈ RODJ BO LI SOU FRON EPI YO TONBE KOURI ANSANM PANDAN YAP SOURI.

_ KÈLKE SEGOND LÈ YO RIVE:

RODJINO KOURI ANTRE NAN DOUCH LAN , LI pRAN YON sÈVYÈT EPI LI TONBE SECHE Kò TAKI kI T'AP TRANBLE EPI RODJ DI :

_please ! anbrase'm konsa ma anpeche dan'w yo krake pandan w'ap tranble , omwen ma santi mwen util kèlke par

TAKIARA SOURI PANDAN LI APROCHE LI E PENETRE LANG LI NAN BOUCH LI , PANDAN RODJINO SERE'L BYEN FÒ NAN BRA LI E kOMANSE DEZABIYE Li.

TAKIARA TE KOMANSE AP MET DE SERI IDE NAN TÈT Li , PANDAN RODJINO JUS KOURI AL PRAN YON GRO MAYO Li E FOURE SOU Li PANDAN LI Di:

-ou mye kounya cheri ?

TAKI SOURI PANDAN LI DI WI EPI RODJ Di :

-an pasan mayo an byen fè w byen , li fèw sanble yon ti foumi ki pote yon gro parachit .

TAKIARA POUSE'L YON TAP AN SOURIYAN PANDAN LI DI :

-stop ! w'ap trip sou mwen , se ou ki te chwazi metel sou mwen mesye tro jantiiiiiiy.

RODJINO KOURI POTE'L LI TONBE VIRE AVÈL PANDAN TAKIARA AP PLEDE DI:

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now