LE MIEL DU DIABLE

1 1 0
                                    

_      LE MIEL DU DIABLE     -
................................................
            FEUILLETON

ÉCRIT PAR : La Poétesse Tracy

...........................................................

  AVÈTISMAN :

OU GEN TOUT DWA'W POU'W PATAJE FEYTON AN MEN RESPEKTE DWA DOTÈ AN , SE MEYÈ FASON POU'W SIPÒTE'M ANTAN KE AYISYEN PARÈY OU , PASKE FEYTON AN PA SÈLMAN POU DIVÈTISMAN MEN LI LA POU KONSEYE E PATAJE REYALITE VI AN SOU JAN KE'L PROCHTE AN, MEYÈ FASON POU REMÈSYE'M M'P BEZWEN YON GOUD JIS LIKE E PATAJE'L SWA SOU PAJ OU OUBYEN NAN GROUP FACEBOOK OU E ENVITE ZANMI'W VIN'N ENJOY YO TOU.
MÈSI.

...........................................................

👉EPIZÒD #7

👉PANDAN SANYO RETE BYEN MOVE L'AP GAD RODJINO EPI TAKIARA DI :

-il vo mye ke ou ale Sanyo stp...!

EPI SANYO GADE'L FIKS EPI LI Di:

_kidonk aprè tout bèl moman ke nou fin'n pase ansanm , ou prefere rekòmanse vi'w nan bra yon enkonu olye ke ou banm yon segond chans pou'm rachte'm Taki hien ?
Di'm si ke'w pa renmen'm ankò e'm promèt ou ke mwen pap janm nwi'w ankò ? C promis !...

PANDAN TAKIARA ALE POU LI REPON'N RODJINO DEPOZE DWÈT LI SOU BOUCH LI PANDAN LI DI:

_Pshuuut ! Pe enpòt si li renmen'w ou pa , oumenm si'w te bezwen'l ou pa tap gentan kite'l jwen'n yon lòt moun ki pou vin'n repare betiz ke ou fin'n fè yo ki pou vin'n koud blesur ke'w koze yo , e mwen m'pa yon idyo m'pap janm kite yon fanm konsa ale vwa pou'm ta kite'w rekipere'l. oh non jamè...! Ou tonbe sou tèt.

SANYO DI'L BYEN MOVE :

_Mesye mwen pa adrese'w la paròl map pale ak ansyen fanm mwen ok ...Taki mwen toujou ap tan'n repons lan wi ..!

TAKIARA VOYE ZYE'L GADE RODJINO PANDAN LI DI :

_Dezole ! C'est Lui que j'aime...!

EPI RODJINO KOURi Di :

_oubyen di wi ! " ansyen fanm ou " kidonk maintenant  elle m'appartient ! Va t-en et ne reviens Jamais  ici....

_SANYO VALE SALIV LI EPI LI DI TOU TRIS:

_Si yon jou limenm li ta fè'w pir ke sa'm te fè'w yo mwen vle'w konnen ke map la , e m'ap toujou la pou'm rachte'm e repare erè ke li pral koze'w yo , e o gran jamè mwen pap residive vwa pou'm ta fè yon lòt betiz ki pou ta koz ou disparèt definitivman nan vi'm.
Je t'aimerai toujours Taki  !

_ oumenm mwen ta swete ke ou pran swen'l pi  byen kem te kon'n fèl lan , se  vre m'te fè yon betiz men se pa pou otan kem te swete detwi vi'l ni pèdi'l non plis.
Bòn chans a nou 2!

RODJ PRAN MEN TAKI E ANTRE AVÈL PANDAN SANYO VIRE AK ZYE LI RANPLI DLO E KÈ LI CHAJE REMÒ.

👉APÈN YO CHITA ANNDAN AN RODJINO DI LI:

-Mwen konnen reyaksyon'm fè'w du mal paske'm te sipoze kite'w jere sa avèk li pito , men map fè'w konnen pafwa ou konn ofri yon dezyèm chans sou pretèks ke moun nan pral repare erè li men poutan se okazyon ke'w ba li pou'l fè'w pir ke sa li te deja fè'w lan, men toutotan kem la m'pap bay pèsòn okazyon pou blese'w ankò , se sak fè map fè tout posib mwen pou'm mache dwat devan'w pou oken'n lòt pa jwen'n okazyon pou yo vin'n zigzagé na vi'w...
Je t'aime Taki...e mwen promèt ou sa.

RODJINO SERE LI NAN BRA LI PANDAN KE LI BO'L SOU FRON'L SE APÈN JULIE AP PARÈT EPI LI DI :

_Hmmmm! Mwen manke yon epizòd ou koi?

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now