💥💥LE MIEL DU DIABLE💥💥

1 1 0
                                    

💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛
💜💜💜💜FEYTON💜💜💜💜💜
💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚
💥💥LE MIEL DU DIABLE💥💥
💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞💞
ECRIT PAR: LA POÉTESSE TRACY
❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤

⚠️Feyton sa ekri inikman pou moun ki majè.

#EPIZÒD16

👉Aprè Teresa fin'n bay Rodjino iltimatòm li , Rodjino di'l konsa:

👨‍🦱Ben cool ! ok That's Good! antouka mwen felisite'w paske ou avèti'm sa davans Manman.
mwen pral repoze'm la , m'pa kon'n si gen yon lòt bagay w'ap ajoute toujou?

👉Teresa  santi li enève epi li repon'n li byen du ;

👩‍🦳Se mande'w mwen mande'w kisa'w deside wi Rodj ? Ki tenten w'ap vin'n pale'm la oumenm ?

👉Rodj di li byen serye :

👨‍🦱Ou mèt fèl manmi ! kòm Jodi an se Week-end ou pa oblije tan'n Lundi pou fè sa , m'ap voye yon link pou ou pou'w ka fè li ONLINE , Tchaw Manman ! Je t'aime !

👉Rodjino rakroche telefòn nan , pandan Teresa menm t'ap manje dan.

👉Li vire gade Rodrino aprè li di:

👩‍🦳Finalman misye pap kite penbèch lan vre .
li montre'm ke li pa kyè ! e fòk mwen rezoud bagay sa pi vit ke posib.

👉Rodrino kouri di li :

👨‍🦱Rodj ki tout moun sa ! misye fou wi ! jis pou yon ti fanm pou misye prè pou pèdi tout kòb li , misye sòt amòòò.

👉Menm moman an Teresa resevwa yon tèks mesaj , lè li gade li wè Rodjino te voye yon link ba li pandan li di'l " Pou pi fasil fè'm konnen si'm mèt transfere kòb yo sou non'w si tout fwa ou pa ta gentan fè sa"

👉Teresa fè kòlè li voye telefòn nan sou kanape an , pandan li di:

👩‍🦳Degaje'w ! pou chache kon'n kiyès ti penbèch sa ye ok.

👉Rodrino menm di'l :

👨‍🦱Si misye prè pou bay tout bagay vag pou manzè mwen kon'n kijan pou'm fè li wè la rezon.
mwen gen yon pi bon ide Manman! il sifi mwen fè li doute de manzè m'kon'n misye jalou , depi'm ka prouve'l ke manzè pa bon moun l'ap kite'l sou le chan , m'ap fè an sòt pou'm zanmi manzè.

👉Teresa gade'l an souriyan aprè li di:

👩‍🦳Bravo pitit gason'm ! Rekonpans ou ap gro anpil ! Bravo ! ou vrèman entèlijan! sèlman pa twò mize sou plan an , paske Helena ap antre lòt semèn.

👉Rodrino souri , aprè yo antre al dòmi nan chanm yo.

👉Rodjino limenm te rete ap text ak Taki , jiskaske dòmi pran yo tou.
_________________________________

👉NAN DEMEN MATEN :

👉Lè Julie reveye li jwen'n anpil mesaj tèks ak vokal ke yon ti dam voye sou whatsapp pou li.
Ti dam nan t'ap plede joure'l , vekse'l pou Adriano.

👉Julie jis transfere mesaj yo bay Adriano , menm moman an Adriano tou pran machin li pou vin'n kay Julie , afen ke li bal plis esplikasyon.

👉Julie ki te gentan santi misye gen pou vini , li te tou profite al prepare'l pou l'al nan Studio , pandan Taki menm t'ap fè manje.

👉Malchans pou li l'al kwaze bap pou bap ak Machin Adriano an ki te deja prezan , misye kouri Desan'n pandan li pran men Julie epi li di'l :

🤦‍♂️Mwen dezole Julie ! mwen vrèman dezole ! mwen ap klase manzè , mwen promèt ou sa cheri.

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now