💝💝LE MIEL DU DIABLE💝💝

1 0 0
                                    

💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚💚
💙💙💙💙FEYTON💙💙💙💙💙
💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛💛
💝💝LE MIEL DU DIABLE💝💝
❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤❤
ÉCRIT PAR: LA POÉTESSE TRACY
💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝💝

#EPIZÒD18

Aprè Helena fin'n poze Takiara kesyon an , Alfonso kouri di konsa:

👴Bonjou ! mwen pat panse ou t'ap antre jodi an non...?

👉Helena kouri aproche'l pou anbrase'l aprè li di:

🙎‍♀️Wi Papa ! mwen t'ap antre depi yè pou anivèsè Rodjino , anplis gen kèk bagay ke'm profite vin'n regle , men m'ap tounen nan yon mwa ankò.

👉Alfonso souri aprè li di:

👴Demwazèl sa mwen pa kon'n poukisa ou te angaje'l la non , li pa itil anyen nan kay lan , li pa fè travay li atan , manzè vrèman initil nan kay lan , ou mèt chèche yon lòt moun.

👉Takiara sezi pandan l'ale pou'l repon'n epi Alfonso di :

👴Pa la pèn pou w'ap vin'n demanti'm se granmoun ki nonm ! gade lè'l ye vre èske manje an ko pare ...?

👉Helena vire gad Takiara epi'l di :

🙎‍♀️Ebyen repon'n kesyon li an non.

👉Takiara bese tèt li tou tris aprè li di:

🙎‍♀️Non mwen poko , men se nan mache ke'm sòti , te gen anpil blokis nan lari an.

👉Helena kouri al dèyè papye'l pandan li lonje li bay Taki byen move epi li di:

🙎‍♀️Ou tou revoke! wa vin'n pran chèk ou demen.

👉Alfonso menm kouri rale yon kòb nan pòch li epi'l lonje'l bay Taki aprè li di:

👴Ou tou touche ou pa bezwen vin'n la ankò...

👉Helena tou vire antre nan chanm li byen move , pandan Alfonso souri bay Taki epi li tou al travay...

👉Lè Taki gade nan kòb lan li wè Alfonso te tou lonje kat li ba li , se lè an li tou gen yon vizyon kote Alfonso te di'l " Si'w vle mwen kapab koupe kontra an pou ou "

👉Taki souri epi'l sekwe tèt li , aprè li kouri al ranje bagay li men sa pat anpeche ke li te vrèman tris malgre tou.

👉Kou li fini li al avèti Helena ke li prale epi Helena tou di'l konsa:

_Mwen vrèman dezole ! men si ou deja fè papa'm fache pa gen anyen ke mwen ka fè kont sa. kanmèm mèsi bokou Taki.

👉Takiara souri aprè li di :

🙎‍♀️Se pa grav ! mwen konpran'n , e mèsi bokou tou.

👉Epi Takiara pran malèt li pou rantre lakay li.
__________________________________

👉KÈLKE MINIT APRÈ:

👉Pandan Julie ap fè manje konsa li tande pòt li frape , lè'l al ouvri li wè se Taki ki kanpe ak malèt li tou tris kenbe nan men'l.

👉San poze kesyon Julie kouri sere li nan bra'l pandan li di:

👵Dezole cheri! depi sou vizaj ou mwen kapab santi ke ou pa ok.
antre boo , vin'n esplike'm sak pase.

👉Julie pran malèt yo nan men'l , epi Taki antre chita tèt bese nan salon an , aprè Julie di li :

👵Sak pase bebe ? ou demisyone oubyen yo revoke'w cheri ? Pale avè'm tanpri.

👉Takiara t'ap Fwui rega li pou Julie pa soupsone anyen , aprè li di:

🙎‍♀️Tatie , Travay lan trò du , mwen santi'm bouke , menm tan mwen pa gen pou'm dòmi non taty.

 LE MIEL DU DIABLE Where stories live. Discover now