chapitre 1

1.4K 48 8
                                        

*_Éclats de sang et de luxe_*

*Ardlie Graziela Lanoir*

Li 6h di maten. Mw apèn leve nan dòmi, ak tout yon kè kontan. M fè wout douch la pandan m ap fredone mizik happy birthday Michel Sardou a.
Et oui. C'est mon anniversaire. J'ai 24 ans aujourd'hui.
M pa selman kontan paske jodia se fèt mw. M kontan plis paske papa m ap banm pòs ki revyen m de dwa nan antrepriz la. Celle de directrice adjointe. Se vre se pòs directrice générale la m te vize. Men papa m jije m twò jèn pou sa. Il l'a donné à mon demi-frère Widensky. Qui ne m'aime pas du tout, mais je m'en fiche. Du moment ke papa m ban m plas mw an.
M fin benyen m abiye m. Pantalon tayè ble maren, chemizye krèm, soulye talon  menm koulè ak pantalon an. C'est vrai que je pue l'élégance. Mais je dois être sexy pour mon premier jour en tant que directrice adjointe.
M rive anba nan sala manje a. Kote se sèl mw ki te manke. Neylie sèvant pèsonèl mw vin sèvi m

- (pandan m ap chita) bonjour tout le monde
- (manman m reponn mw) bonjour chérie. Joyeux anniversaire
- merci maman
- joyeux anniversaire ma princesse
- (m souri) merci mon petit papa
- joyeux anniversaire petite sœur
- demi- sœur Widensky. Merci
- (Neylie bo m nan cheve) joyeux anniversaire ma puce
- merci Ney

Neylie sèvant pèsonèl mw. M ka di nounou m depi lè m fèt. Se sèl li menm ki gen de jès tand, afektye avè m nan kay la. Manman m tout sa k enterese l se òganizasyon Lanoir yo. Se yon ONG ki espesyalize l nan domèn sante mantal.
M fin dejene. M al jwenn chofè m Brice ki pou mennen m nan antrepriz la. M gen yon kòtèz. Premye machin nan pou fè wout. Lòt yo se machin de luxe mw yo, Lamborghini, Ferrari elt, mw ak chofè m nan nou nan mitan. Epi yon dènye machin pou fèmen kòtèj la. Kòtèj mw an konn gen nenpòt 12 a 15 machin. Men jodia se yon jou kè kontan. M soti a 7 selman. La chance d'être la fille de Levelt Lanoir. Le baron du pétrole au pays. Brice ap gade m nan retrovizè a

- vous êtes jolie Mlle
- (konsantre m sou telefòn mw) je le sais déjà Brice. Dis moi une chose que je sais pas plutôt
- je suis désolé Mlle
- c'est ce que je pensais

Nou rive nan pakin bilding nan. Brice ouvè pòt machin nan pou mw. M pran asansè a. M rive nan koulwa biwo m nan. Néhissa kouri vin kontre m. C'est mon amie-assistante, c'est la seule qui arrive à supporter mes caprices.

- bonjour Lie
- ça va Néhissa?
- moi oui, mais les nouvelles ne sont pas bonnes Lie
- qu'est-ce qui pourrait être pire que ma nomination aujourd'hui Néhissa?
- Darneley Borghetti est là
- (etone) qu'est-ce qu'il fout ici celui-là? Mon père est là?
- oui. Le requin est venu en hélico ce matin. Darneley aussi
- putain. Où sont-ils?
- dans la salle de conférence

Mw kole telefòn mw an nan lestomak Néhissa.

- répond à mes messages de souhaits d'anniversaire. Et consulte mes emails. Je vais voir ce que trame mon père et cet imbécile

Mw pran wout sal konferans lan byen vit. Plis nan ide pou m konprann sa Darneley a fè la, san l pa di m. M tande y ap pale, m ouvè pòt la tou piti pou m ka tande plis.

- Widensky; on s'en fout de ce que pense Ardlie papa?
- Darneley; pètèt ou menm. Men m pa kapab Widensky, se fiyanse m kanmenm
- Levelt; il n'y a pas de sentiment dans le business Darneley. Ou konn sa byen
- Darneley! wi Levelt. Men sa Ardlie ap panse?
- Levelt; elle s'en remettra. De toute façon, m patap janm ka remèt direksyon antrepriz mw an ak yon fi kanmenm

M pa menm fin tande rès diskisyon an. M soti m pran asansè ki pi pwòch la. M rive nan pakin nan, m pran Ferrari wouj la. M demare a tout vitès, san m pa menm konn kote m prale. Kidonk papa m pa t janm deside banm pòs directrice adjointe lan. C'était du pipo, comme toujours. Il m'a déçu, encore une fois. E Darneley, li pa t ka di m sa? Menm si se te pou sove la fas, li ta omwen pwouve m li tyen a mw. Ke maryaj nou an patap que du business. Nan monde pa m nan, depi anvan nou fèt, tout vi nou tou kalkile. Nan ki lekòl ou prale, kiyès ki pou zanmi w, ki etid pou w fè, menm ak kiyès w ap marye. Ou tankou yon machin, ou pa gen ankenn kontwòl sou vi w. Pa gen amitye nan mond sa vre. Se biznis ak ipokrizi.
Mw te sot nan panse m, se lè m tande bri 2 katouch. M t ap kouri a tout vitès, m kouri frennen sèk. Sa koz m al frape ak yon machin devan m nan. Asirans lan a regle sa. Men pou kounya sa k pi enpòtan se soti m nan merdier sa. M gad tout kote, m pa wè kote m ye. E bal ap chante nan tèt mw. M vin panse pou m ta fè yon apèl. Zut, telefòn mw ret nan men Néhissa putain. M fè yon gwo bri, lè m tande vit pòt dèyè yo kraze. Pandan m kouri bese anndan machin nan m bat m sot nan machin nan. M al tonbe bap pou bap ak yon mesye ak yon gwo zam nan men l. Li souri ban mw

Éclat de sang et de luxe Stories to obsess over. Discover now