Pa dekouraje

12 0 0
                                    

PA DEKOURAJE

Pafwa ou konn inyore kiyès ou ye
Pafwa ou konn anvi dekouraje
Ou konn santiw fèb nèt ale
Men m'ap diw kenbe la pa lage
Pa dekouraje pendan ou preske rive

Lavi a se tankou se nan box ou ye
Fòw bare kou yo pouw pa frape
Lavi a se tankou se nan kous ou ye
Depiw kanpe ou tou echwe
Se met kouraj pouw vanse

Se pa tout moun k'ap baw valè kew merite
Gen moun k'ap rabesew pou yo ka monte
Gen moun k'ap pilew pou yo ka pase
Gen moun tou k'ap voyew jete
Gen moun w'ap mande èd k'ap pase sou kote

Mete nan tèt ou epa tout moun k'ap renmenw vre
Se pa tout moun k'ap anvi wèw sou yon lòt pye
Se pa tout moun k'ap Renmen lèw ap pedale
Siksèw depann de volonte ou genyen pouw avanse
Se lom ou ye, sou tout pwen w'ap toujou kritike

Se ou ki pou trase chimenw pou wè kotew prale
Batonw nan menw se ou ki pou kenbel pouw mache
Tout moun konnen Li di se vre lè ou echwe
Men Li pi lèd lè ou pat janm pran kouraj pouw eseye
Konnen siw vle rive fòk ou gen kran pouw riske

Pa di w'ap echwe sanw poko menm komanse
Pa diw pap ka kenbe pandan ou poko menm eseye
Ti pawòl sa yo mwen ap diw poum ale
Se kenbe tèt ou, kwè nan tèt ou pa ebranle
Pa okipe moun k'ap palew mal e k'ap mal pale

Shekinah Charles

Du hast das Ende der veröffentlichten Teile erreicht.

⏰ Letzte Aktualisierung: Jul 23, 2020 ⏰

Füge diese Geschichte zu deiner Bibliothek hinzu, um über neue Kapitel informiert zu werden!

une Goutte de mes penséesWo Geschichten leben. Entdecke jetzt