Pap ka padonew

9 0 0
                                    

PAP KA PADONEW

Se domaj men mwen pap ka rete
Ou te kite m pou kom ou t'al banbile
Ou te fèm kwè nan tout promès yo, mwen te avegle
Mwen pat konn si se criminel ou te ye
Absans ou pral toumante m men fok mwen ale

Se te yon dous yon cho, nou t'ap danse sou yon pis
Pou ou mwen te asepte fè tout kalite sakrifis
Mwen prale ak yon chagren vre, sa tris
Men kounye a m'aprann plis
E nan vim ou kite yon sikatris

Mwen tounen Sponsor sans mwen pa konnen
Chak jou ou anpire problème mwen san panse ak demen
Ou dekontrole, wi ou pran yon lòt chimen
Ou Pete fyèl mwen, mwen pap tounen
Ou te pran sanw, pran tanw pou blessé mwen

Mwen koupab se sa ou te toujou ap di chak jou
Mwen pap pran sa nan menw, non ou pap fèm fou
Ou toujou ap makak kem pa baw tan mwen dwe ba ou
Ou t'ap fè anpil lòbèy, poutan se mwen ki t'ap pran kou
Nou paka ansanm, mwen bouke ak lanmou nou

Ou brize kèm jwe avèm, ou mechan
Ou pa pè tronpem ak vwazin nan
Kounye a w'ap vinn Mandem padon ak ki kran
San konsyans eseye panse ak konbyen kou mwen pran
Ou tronpem an kachèt, lèm pale ou gonfle ou pran van

Pap ka padonew, mwen poko prè pou sa
Kitem viv solo, mwen santim byen konsa
Pa panike m'ap soti Ti pa Ti pa
Mwen pap krazèd fwaye mwen pap rive la
Prend bien soin d'elle, pa bal kout ba

Shekinah Charles

une Goutte de mes penséesWhere stories live. Discover now