~~ NÈGÈS 7 ~~

15 3 0
                                        

" sim pa eseye chita pale avè w se pase m konnen anyen pap menm jan ak avan , m te ka diw sam santi tout bon
Men saw santi an m pa konn sal ye finalman m reyalize ke m pap janm ka fè yon moun konfyans
Lanmou pou mwen ap toujou rete yon mistè , se vre m te vin leve w sou nich ou m te vin deranje w , m pat konn si m tap reyalize m bezwen plis , yon fanm pap janm kontante l vre ap fè lanmou ak yon gason chak kou lide l di l , lap bezwen afeksyon , atansyon ...
Se byen domaj sa rive la a m pat janm gen kouraj pou m diw sa avan . Men petèt ou pa tap janm konprann mwen tou , pase se mwen ki te pwopoze w pou w la pou mwen sèlman lè m anvi fè yon vwayaj nan setyèm syèl . Anvi m pou relasyon an te vin nòmal te pi gran m pa konn pase kisa , sa vin chanje dènyè fwa nou fè lanmou , m tap tann yon senp mesaj pou fè kè m kontan
M tap tann yon apèl pou m santi se pa moman sèlman nou te sot pase a ki te enpòtan pou ou sèlman
Men domaj m pat jwenn ni mesaj ou ni apèl ou "
_ M rayi sa a !!!
_ Saw rayi a ?
_ An e pa ou Stefani
_ A ou paka fè m sekrè e mwen ki zanmi w lè w vle pale a wa pale avè m Rozi
_ Gade mesaj sa a pou w wè Stefani
_ ...si m pa eseye chita ...kounya pou kiyès ou pral voye mesaj sa a ?
_ Lè w fin li map di w
Yon lòt fwa ankò m te replonje nan panse m epi m di tèt mwen misye la  sèlman pou satisfè bezwen seksyèl mwen
Men m konnen se pat vre pase nan fon kè m m te vle plis ke sa a
Men kòman m ta pral eksplike l m bezwen plis alòske li pat janm manifeste lanmou l pou mwen janm te swete l
Kòman sa fè rive m mwen ki te di m pap damou m prefere blese moun pase pou moun blese m nan koze lanmou
M pa ka konprann , eske l te janm renmen m vre ? M pat jan m vle azade m poze l kesyon an
M konnen l pa tap reponn tou misye se yon moun ki vag
M pat anvi kontinye maskarad sa a se mwen kap blese plis , kap soufri plis
_Saw gen la Rozi , apa wap kriye ?
_ M santi m raz pitit , m renmen ti gason an vre wi men li menm li trò vag
Ou gen pou w wè m pral voye mesaj sa a pou li , li pap menm konprann mwen
_ Ki li sa ?
_ Jiji , aaan m potko di w anyen konsènan misye nou preske gen yon mwa ansanm
_ O non non eseye frekante yon moun pou w pa nan chen nan chat oo
Rete pitit ..avan yè la a te gen yon Kalanri ak yon Janno ou apèn kite kounya w gen tan nan Jiji
Epa konsa pou w pale ak Jiji mesaj sa w banm li la a ka fè misye kouri wi , fò w bwose pawòl yo , lè w damou fòk ou saj saw bezwen an ou pa bezwen pale ak kòlè joure pale anpil ...akize patnè w la a
Petèt afè vag ou dil vag la a se nan tèt ou sa ye m pral ede w voye yon mesaj pou li , ou pral eksplike l jan w renmen l epi wap wè si l pap eseye fonksyone yon lòt jan nan relasyon an
_ Depi w di m Stefani
Map eseye pou m wè

NÈGÈS Where stories live. Discover now