~ NÈGÈS 4 ~

17 2 0
                                        

Se ak Rafa m te aprann fè lanmou pat toujou fasil , m te aprann si ou pa anvi fè lanmou ak yon moun tout bon li ka bouke karese w touche w bo w men w pap janm santi anyen
Rafa se polisye misye tap travay kafou fèy epòk m rankontre l
Rankont lan fèt yon sèl kou ou pa ta di se sa moun yo panse ki kout foud la , antouka menm jou m rankontre ak Rafa nou fè wout la ansanm pou m rive zòn fakilte etnoloji pou mwen al pran bis petyon vil pou m rantre lakay mwen
Misye te mande m rive pi wo zòn kote ti restoran yo ye an pou nou chita pale plis , misye te tonbe banm pawòl , nan yon tan ki pat twò kout misye te fè m santi m inpòtan , li rakonte m tout sa m te vle tande epi nou ta ka di m te tankou yon ti fanm sòt san lespri ki vale ak bwè tout pawòl nèg la di m pou flate m epi jwenn mwayen pou pwofite m

Mwen imajine Rafa te pare sa pou mwen
Gen moun  ki tèlman pran plezi nan fè moun mal 
M raple m kòman l te souflete
Jou sa a m te deside al jwenn li nan yon restoran ki pat lwen petyon vil pandan matant mwen tal dòmi kay yon sèvant legliz li a ki te malad
Stefani yon ti dam yo lwe kay nan lakou an te konplis mwen
Li kite m soti epi l dim pa rantre ta , pase jou swa sa mennaj li tap vin wè l tou

Se anba souflèt Rafa te fòse m monte machin li an pou nou rive nan yon otèl ki pat twò lwen restoran an
M rive nan chanm map fè rèd , map fè rebèl se gade m gade m wè rad mwen chire
Misye monte m , maltrete m , banm presyon , se kòmsi li pat moun ankò , yon moun konsa m santi m ta manje l ak yon grenn sèl , li banm degoutans yon sèl kou
Swè l yo degoute sou mwen , m santi m pat anyen ankò
M pote yon kwa jou swa sa a
Sa m dwe fè al pote plent ? Bay tèt mwen jistis pou kont mwen oubyen ?
Sam pral fè ? M potko ka jwenn repons ak kesyon m yo

Ebyen lèl te fin fè sal tap fè a , kòm li te dechire rad mwen , li te banm yon vye mayo foure sou mwen , li flanke m nan yon taksi epi l te di m
" Siw gen malè rakonte sak sot pase a ,
Map konnen epi map fè w kado yon sèkèy
Ratyèfè ou tap fè pòz ou pa sou sa a "

Rafa te pwouve m fanm toujou parèt tankou objè seksyèl kèk gason senpleman , ou vle ou pa sa yo bezwen nan men w lan yap jwenn li ou byen yap pran l kont volonte w

pa gen deba sou sa a anpil jenn fanm ap sibi zak sa a yo ,oubyen vyolans sou tout fòm
Se te reyalite sa m te fout viv nan yon ti tan
M te vin konprann anpil bagay , m te ka pèdi lavi m tou

JAK ...

NÈGÈS Where stories live. Discover now