Pwoblèm yo vini
Pwoblèm yo ale
Gen ki vini ki rann nou ini
Gen lot se pou rann lavi n' strese
Pafwa nou tèlman deteryore
Cheve n' fini pa tonbe
Nou jèn men eskanp figi nou fin plise
Lè w' panse w' jwenn solisyon
Se yon lòt pwoblèm ou kreye
Malgre pafwa ou toujou nan bon direksyon
Men obligasyon lavi pa fèw santi w' ap viv vre
M' konn anvi jije bon
Men reyalite a fè m' wè tout bagay deja makawon
Sikonstans yo toudi m', tèlman yo fè m' vire tou won
E m' pa janm renmen fè lago kache
Men lavi pranm' li souke m', m san defans m' oblije mache tèt bese
Pa paske m' fè l' pou m' sipliye ni pou m' mande
Men se paske m' pa vle wòch tonbe nan je m' pou m' pa kilbite
Chak fwa lanmò frape pòt lakay nou, li pa janm pot bon nouvèl
Menm si nou byen akeyi l' kou l' prale se kriye ak gwo rèl
Alò poukisa l' pa ret chita lakay li
Pi souvan se moun ki pi util la vin detwi
Lè zanmi an parèt li fè w' santi ke avèl ou pa bezwen pè anyen
Kou w' antrave li se premye moun ki kouri kite w' nan mitan chimen
Anpil lojik paske tout bezwen tout moun bezwen chanjman
Men poukiw fè ekspre ou blese l' apre wap vin ofri l' pansman?
Tout moun anvi men mwen
M pa anvi anyen ke mwen menm
Men si m' te nan plas tout jèn
M tap reflechi a demen m' paske se pa sèl jodi ki konte
Menm lè m' pa konn kilè m' prale
M ta jere jodi m mye, paske demen ka pot lapèn
Si m' te tan, pou tout moun m pa tap avanse menm jan
Paske se pa tout ki gentan profite tan yo malgre yo fè orè pou jere tan
Si m' te anfen sa tout moun panse de mwen
M pa tap janm mwen menm
Menm se mwen menm
Se sa ki banm plus fos pou m' plante kouraj mwen
Pou m' ka rekòlte siksè mwen
Tchinaïdine📖
VOCÊ ESTÁ LENDO
Jaden Lavi
Ficção GeralJaden Lavi se yon istwa ki baze sou yon pakèt emosyon ki gen nan vi an, paske m' wè vi a tankou yon jaden, li chaje bon fwi, men sa pa anpeche li gen vye zèb tou, e toutotan w' ap sekle se toutotan tout sak te parèt bèl devan je w' ap vin parèt lèd...
