Nan demen, Tacha soti avèl, yo al nan lekòl lan. Yo al kote direktè a, li twouve lyen ki genyen ant kouzinn li an ak direktè a biza. Kòm Tacha te di mesye a se zanmil, donk li pa ret panse sou sa. Direktè a bal yon lis liv ke li ap bezwen. Kòm Nadia pa gen gwo kò, li rive jwenn yon inifòm ki bon pou li pami sa ki gen nan direksyon an.
  
       Pandan yo rantre lakay, Tacha tou ap eksplikel bagay yo.

Tacha: Nadou...demen sdv fòk ou al lekòl. Wap kwenn kaye ak plim nan menm. Kòm se filo ou pwal fè, degajew...travay pouw fini.

Nadia: oui...apresa fòk mwen al nan syans enfimyè poum ka toujou swanye manmanm lèl malad.

  Tacha Gadel

Tacha: Ah kouz...mpap dakò. Gen de bagay ki pi fasil pouw fè ke al chita ap etidye pakèt bagay. Gen fson ou ka fè lajan san ou pa depanse anpil.

Nadia: evre? tankou kisa?

Tacha: na gentan pale. Al fè Corn flakes ak lait pou mang.

Nadia: mèsi kouz.

Nadia al nan kizinn lan.
Tacha tchipe " bon mwen menm, paranm te gen kòb mpat ale nan inivèsite epi se ouk ta ale. Tchuipsss😒."

       Nan lendi, kòm se premye joul, Tacha mennen Nadia lekòl e li sèlman bal kòb poul pran moto lèl ap tounen.
Nan sal la, Nadia on ti jan etranj e tout elèv yo ap trip sou li.
Nan rekreasyon an li rete nan sal lan.

     Ti mesye yo ap gadel yo anvi al annuyel.
Dex: ti poupe sa sanble frajil wi mesye...

Lens: Ah...frajil? mpa bezwen wè konbyen fwal ouvri janm li deja...se toujou konsa lè yo fenk vini.

Marc: mesye...manvi al sou do pyel wi.

Dex: Oo...kisa? banm ale pito. Ou gen fanm wi ou menm.

Marc: 😒 ou pa genyen ditou ou menm. Se fini wap fini ak ti bout anba Natacha ak Suzie.

Lens: pawòl la resi pale!😂😂

Dex: antouka ou flanbe plis pasem. Ti poulèt sa se pou mwen.

Ben: ey mesye...sèlman nap voye moute. Mwen wèl sanble yon bon timoun wi. Limenna a depiw parèt sou li wap wè sa. Siw pa wèl sou figil wap wèl nan fasonl mache oubyen pale.

Dex: non...mwen respekte sa yo bro... depil se yon bon timoun mpap atake.

Lens: men si se yon ouvè lekò...😉

Marc: baton dans la classe!😂

Ben: lèw fini wa fèl pase nan baz.😁

Dex: Ah...ou konn bagay yo papa.

    Mesye yo bay lamen. Kòm yo sone, yo antre nan sal.
   Dex gen 18ans, li se pitit de moun ki gen lajan, se pou yo ka pinil epi fèl plis sou lekòl ki fè yo vinn metel la men li trè entèlijan.
   Ben se sèvo gwoup la. Li gen 17ans e li renmen fanm anpiiiiil.
    Marc li menm, li gen 19ans, li te double seconde, se fann lap fann medam yo lekòl lan e lèl fini li pase yo nan baz.  
      Lens li menm, li gen 18ans, men se yon vagabon fini. Li menm konn al nan kafe. Sepandan li pa neglije etid li paske si papal voyel andeyò, bagay yo pap bon pou li.

    Baz sa, yo relel " Ti lelit".
Natacha ak Suzie se de medam ki pi limenna nan lekòl la e yo pa menm ka asire mwayèn general lan, se de jistès yo rive nan filo.
     Se bò kote Natacha ke Nadia chita. Natacha tèlman ap bal move jan, li oblije rete lwenl.
 
Pandan pwofesè Chimie an finn travay, Nadia ap fèmen valiz li poul ale, Marc fè Dex siy epil voye yon boul papye sou li.
  Nadia vire.

Nadia: poukisa wi?

Marc: ooh...e mwenw pa pè?

Nadia: kiyès ki voyel?

NADIAOù les histoires vivent. Découvrez maintenant