avè w

2.3K 61 22
                                    

Ou tatouwe nan lespri m tankou lank ki tombe sou yon fèy blan.
Ou make lespri m tankou kolonizasyon pèp nwa pa blan.
Men avè w, mwen pa santim inferyè.
Okontrè, ou fè m santi m siperyè.
Sitou chak fwa langue mwen makònen ak langue ou,
Mwen anvi chante, ponpe, men m danse twoubadou.

Chak fwa m gade w, mwen di mèsi lanati ki kreye yon si bèl flè.
Si w se siro, pou ou mwen vle se mièl, mièl kap souse sik ou, lam vle rete janmè pati.
Mwen renmen tandew kap di m, sere mwen pi pre papi.
Poum ap di w pa inkyete w mwen pap kitew ale manmi.
Lanmou avè w se pa selman yon bagay chanèl.
Men se kote de espri konekte pou yo fè yon bagay spirityèl.

lanmou an kreyòlOù les histoires vivent. Découvrez maintenant