Imòtèl

40 2 0
                                    

Lè m mouri
Ak dra blan imòtalite m pral kouvri
mo yo pral pale
Lè m travèse alada
m a tande kri yo k ap rele

Mil lane pa sifi
Mwen etènèl
Mèsi ak move lavi
Ki rann mwen imòtèl

Mwen pa t jape
Kout je yo te trete m kou chen
Jodi se desepsyon bonè m demen
Mwen pa t ka pa t reskape

Mil lane pa sifi
Mwen etènèl
Mèsi ak move lavi
Ki rann mwen imòtèl

Moral la te toujou wo
Plim ak papye
Te Trete m kou ewo
Dlo je m yo te kaye
kou san
Sou fèy kaye
Men santiman yo te fo

Mil lane pa sifi
Mwen etènèl
Mèsi ak move lavi
Ki rann mwen imòtèl

Pa lontan m ap viv
Mo yo pral pale pou mwen

Nan sèvo m t ap fè lesiv
Te mete m nan yon kwen

M imòtèl, m p ap sispann
Viv nan memwa lanati
mwen t ap achte yo pa t sou vann
Se sou kritik lavi m te bati

Mil lane pa sifi
Mwen etènèl
Mèsi ak move lavi
Ki rann mwen imòtèl

Zèv mwen yo pral pale pou mwen
Dlo je m se lank plim ki tache sou menm
Fèy blan yo te chifonnen
Si m imòtèl,
se paske kritik yo te trase chimenm

Mil lane pa sifi
Mwen etènèl
Mèsi ak move lavi
Ki rann mwen imòtèl

Kansè Bèl MoWhere stories live. Discover now