NADIA

By StanyLovaa

802 101 0

Se istwa yon jèn tifi ki rele Nadia Bosco, Li gen 17ans e li ap fè filo. Kòm manmanl pat vle poul soti yon vy... More

Part 1
Part 3
Part 4
Part 5
Part 6
Part 7
Part 8
Part 9
Part 10
Part 11
Fin

Part 2

74 8 0
By StanyLovaa

Sandra annit finn ouvri baryè a, li kouri al bwè dlo.
Aprè li rale telefòn li, kòm li wè Tacha online, li bal yon apèl video.

Tacha: hello ma sista chér... oh Sandra, saw gen nan figi?

Sandra: Tacha...Marc se youn nan yo wi😭

Tacha: Kisal ye la?

Sandra: Nan mesye yo nou konn pran kòb yo nan bar lan. Marc se youn nan yo.

Sandra eksplikel sa Marc fè a.

Tacha: kisa??? Marc pa genyenl nan menl.

Sandra: kòman sa?

Tacha: oh map vanje pou ou. Mwen menm Tacha...😬😬

Sandra: Yap touye nou wi.

Tacha: Djed ka ba nou pwoteksyon. Dayè, depim livrel tifi a, mwen menm avèl nap bon patnè. E ou konnen li gen anpil moun avèl, map kraze tèt tout nèg Marc yo.

Sandra: map retire kòm mwen menm.

Tacha: ahhh pa fè lach!

Sandra: se nòmal pouw dim. pa fè lach, se pa ou yo tap souflete a.

Tacha: kòmsi ou pap vanje pou figiw yo manke pete a?

Sandra: mpa knnen...male.

Tacha: ebyen ok...

Sandra: mpap ka dòmi.

Tacha: map vinn dòmi avèw aswè a.

Sandra: humm. Ok.

Tacha: map vinn talè sista.

     Tacha al benyen, epi li di Nadia ke lap poukont li aswè a.
Tacha deside vanje pou Sandra, li pa bezwen konnen kisa ki ka pase men fòk li vanje. Depi li finn fè sal gen poul fè ak Djed lan, lap mande misye èd paske li gen anpil moun avèl.

   Dex te kouche nan kabann li pandan li tande yon pawòl anpil nan salon an. Li kouri al gade.

Msr: mpap ret nan kay sa yon minit de plis...ou banm twop pwoblèm. Ou veyem twop!

Mme: se normal paske ou plen fanm sou mwen.

Mr: bon sang...ki fanm li ye!

Mme: Roger...nou gen timoun nap leve. Se sa ou pwal bay pitit ou a kòm egzanp?

Mr: kotem jwenn ak yo?

Mme: nan kafe ou konn al ranmase yo a. Yon bann san fanmi, san avni.

Dex: assez!

Yo sezi lè yo wè Dex ak dlo nan je.

Dex: mpa bezwen konnen pwoblèm nou. Se pa moun ki te fè nou marye, nou ta dwe konn kòman poun jere relasyon an. E se pa tèlman pwoblèm mwen si nou gen lide divòse men map fè nou konnen ke mpap al viv ak youn nan nou si nou divòse. Mpwal jwenn matant mwen fontamara e mwen pap pase wè nou non plis.

Mme: Dex...

Dex: non manman, sa fè 6 mwa map tande diskisyon sa nan kay la. Se swa nou ret ansanm, nou antann nou oubyen mwen pati e nou pa janm wèm ankò.

   Dex finn pale, li vire li soti, lèl rive bò pòt la li di

Dex: mwen pat vle pale konsa. Men piske nou ap aji tankou de timoun piti, mwen oblije fèl. Paske mwen pa wè nou fè prèv matirite.

Dex soti deyò li al chita nan lari a.
Manmanl ak papal tèlman wont ke pwòp pitit yo ap fè yo la moral.
Yo chita sou kanape a.

Carline: ou pa wont?

Roger: Humm..olye wap kondanem, poukisa ou pa chèche konn kisaw pa ban mwen ki fè mwen al nan fanm deyò?

Carline: bon...Roger kisam pa ba ou?

Roger: depi kilè ou fè menm yon ti bo pou mwen nan kay la? pa gen vie nan couple lan. Tout jounen se al travay, fè manje, ede Anne fè devwa. Leswa poum ta jwenn ti tan pam nan, ou menm ou kouche wap dòmi.

Carline: paskem fatige lakonsa cheri.

Roger: e mwen menm? kote tan pam nan? nou menm fanm,depi nou gen pitit, nou bliye mari nou, nou pa ba yo menm akèy yo ankò.

Carline: men sa pa vle di pouw twonpem. Ou te ka pale avèm janw te konn fèl avan.

Roger: sim te fèl eskew tap tandem?

Carline: wi...mwen tap tandew.

Roger: ou si de sa?

Carline: wi...men...kounya...Ou konnen kiyès ki Dex lan, li pa konn pale pou granmesi. Fòk nou aranje sa. Menm sil vagabon, se pitit nou li ye, nou paka kitel ale lwen nou.

Roger: ebyen sa ki pi bon pou fè, se poun poze nou.

Carline: men kòman poum fè ak tout tach mwen gen poum akonpli yo?

Roger: nap pran yon sèvant.

Carline: ebyen ok.

Roger: saw di si nou ta pase weekend kap vini an nan yon hotel pou ratrape le tan?

Carline: pourquoi pas?

Roger: msonje jan madanm mwen dous, janl konn ap banm bèl karès, pran swenm. Ou rete konsa ou lagem e ou pa janm remake sa.

Carline: padon cheri.

Roger: padon tou amour. Depiw kòrèk, mpap fèw fè jalouzi ankò.

   Lè Dex ap antre, li kontan wè papal ak manmanm ak kè kontan.

     Nadia santil poukont li nan gwosè kay sa, li pè, li sot pale ak manmanl nan telefòn.
Madanm nan toujou kontan lè pitit li relel paske li ba li bèl espwa. Li kwè anpil nan sèl grenn pitit li sa e li kwè ke lap rive.
Sof ke li pa konnen kòman lavi pitit li a an je, ki kalite danje ki peze sou tèt li kote li voyel lan.

  Vè nevè, Nadia tande pòt la frape. Li gen yon laperèz ki pranl.
Lèl wè moun nan pèsiste twòp, li reziyenl li al ouvri pòt la tou piti, li wè se Djed lan, mennaj Tacha a.

James: bonswa bote kreyòl.

Nadia: bonswa. Tacha pa la non.

James : mkonnen. O kontrè, se lik voyem vinn dòmi avèw paske li konnen wap pè kay la.

Nadia: non...sa va wi. Bon se nan dòmi mwen pantan la...pa enkyetew.

James: non...sim pa rete, Tacha ap fache avèm. Mwen oblije fèl, paske lèl fache li pa jwe e sitou ou se yon kouzinn li renmen anpil.

James pouse pòt la ak pyel li antre. Nadia santil mal toutakou paske James tap gadel yon jan dwòl. Olye de kay la, se James ki 
fèl pè.
Pandan li pran direksyon chanm nan pou li, James kenbe menl.

James: fòk se nan chanm ou an poum ta dòmi wi poum ka veye si pa gen moun kap antre la. Plen ti vagabon nan zone nan e yo konnen ou la poukont ou. Donk si yo tante yon bagay, map gentan entèvni. Yo vyole anpil jèn fi nan zone nan deja. Pa enkyetew...mwen gen zam.

Nadia vrèman pè akoz sa James dil lan.

Nadia: non...ou...ou pap ka dòmi nan chanm nan non. Si kouz mwen mande pou w vinn dòmi avèm, mpa kwè fòk se nan chanm nan menm pouw ta dòmi.

James gadel yon jan dwòl.

James: ebyen ok.

Nadia al nan chanm nan lan, li fèmen pòt la byen epil kouche.
Lidel dil ekri Tacha.

- Kouz...mèsi paskew voye moun vinn dòmi avèm.

T-- ki moun sa?

- James.

T-- an...pa gen pwoblèm non b.

Tacha leve kanpe, li sezi.

Sandra: saw gen la seum?

Tacha: James lakay la. Li di Nadia se mwen ki voyel vinn dòmi avèl.

Sandra: epi?

Tacha: se pa kondisyon sa nou te pase non. Li twò bonè wi. Esil al eseye vyole tifi a?

Sandra: bon sa kap pasew la...bon ou gen pwojè vann li ba li, kel pran afèl kounya, kel pranl aprè se menm bagay wi. Nan kisa sa ap chokew la.

Tacha: Humm...ok.

Sandra:Vinn dòmi tande fi!

Tacha: yeah!

Nan demen maten, lè Nadia leve li pa wè James. Li benyen li preparel epil soti poul al lekòl.
Pandanl pwal pran moto, li wè Dex ki ap relel, li tou monte machinn nan.

Dex: Bonjour...

Nadia: Salut. Ou anfom?

Dex: wi e ou?

Nadia rakontel tout sa ki pase yo, e Dex pa finn renmen sitiyasyon an pou li.

Dex: Ou fè kouzinn ou an konfyans?

Nadia: wi poukisa?

Dex: mjis twouve sa biza ke lap voye yon moun konsa vinn siveyew pandan tout yon nwit. E sil te vyolew?

Nadia: Tacha renmenm anpil, li banm tout sam bezwen. Mpa kwè lap janm fèm mal!

Dex: Hummm. ok.

Lè yo rive devan lekòl la, yo ret nan machinn nan paske li poko 8h.

Dex: Nadia...mka pozew yon kesyon?

Nadia: wi...

Dex: konbyen mennaj ou pase deja?

Nadia: zero. Gen yon mennaj poko nan agenda'm. Mgen lòt bagay poum panse.

Dex: men wap genyen yon jou kanmem.

Nadia: sa poko nan pwojèm. Petèt, wi.

Dex: okey.

Dex pase men nan tèt li. Marc ak Lens vinn frape pòt machinn nan, sa koz Dex sote.

Marc: nou rive wi.

Dex: 😈evre man? mpat wè sa non.

Marc: kana. Sann ap regle la? oh...Bonjour la belle Nadia!

Nadia desann machinn nan.

Nadia: bonjour Marc! Bonjour Lens.

Lens: bonjour chère. Kòmanw ye?

Nadia: mwen byen e ou?

Lens: mwen anfòm wi la belle.

   Jessie parèt ak tout vitès, li frape Nadia ki manke tonbe.

Nadia: waw...

Jessie: mpa konprann kòman fè se nan machinn nèg mwen wap vinn lekòl lan non. Mpaka konprann bagay sa. Ou paka kite mennaj mwen anrepo?

Nadia: mennaj ou?

Jessie: wi...ou tande...ti pa bon!

Nadia: sil te mennaj ou, mpa kwè olye poul al chèchew, pou se mwen li ta pase pran. Epi mennaj ou pa entèresem...ok? nou sèlman zanmi!

Jessie: epil rizyèz...ou pansem pa konn wè janw ap gadel?

Nadia gade Dex fiks nan je epil deplase li ale.

Lens: humm...lèn a kite vye lekòl sa, se ap yon benediksyon.

Marc: lèw an afè ak grapyay, e konsa wi man.

Dex: mpa konn kisa poum fè pou medam sa yo sot nan kòlèt mwen non ti mesye.

Lens: yon wont pouw ba yo ak yon lòt fi plis yon malonèt.

Dex: mpap bann manti, sèl fanm ki enteresem nan moman an, se Nadia.

Marc: ouhhhh! se bon pou mwen! fòk ou ta damou vre! gad figiw!

Dex: men se pa mwen...

Lens: ou pase twòp tan avèl.

Dex: mpap ka chanje sa...sorry.

  
        Se nan konsa, Nadia fè de Desanm a jiyè li pa janm pale avèk Dex. Li pa reponn mesaj li ni apèl li, li pa pran salitasyon nan menl. Sèlman ak lòt mesye yo li pale pafwa. Li chita yon kote apa nan klas la. Pou jis egzamen leta vinn rive, li travay poukont li e li al konpoze , kounya li ap tann rezilta yo.
Yon samdi aprèmidi, li chita ak Tacha nan salon an yap pale de tout et de rien.
Tacha sot mennen li nan studio paske lè James ap vinn pranl lan pa lwen rive. Akò a preske pran fen.

Tacha: kouz...

Nadia: wi...

Tacha: ou sonjem te palew de yon travay ke ou kapab fè kòb san redi twòp?

Nadia: euh oui. Men sincèrement, mwen pa  imajine yon travay konsa. A mwen ke se ta pwostitisyon oubyen volè.

Tacha: Humm...Antouka...pita map mennenw nan yon club wi. Ou gen 18ans kounya, ou fè kat ou, donk ou se sitwayèn... se alèz...

Nadia: manmanm toujou dim pa al nan bagay sa yo.

Tacha: ah...matant mwen pa konn bagay sa yo kouz!

Nadia: se pa danjre?

Tacha: mais non...pa enkyetew. Kouz ou ap jere tout bagay. Nou pwal pran ti plezi nou aswè a...Sandra pap la.

Nadia: ben ok!

Tacha leve vinn pase men nan tèt li.
Tacha: Kouz...Saw panse de James?

Nadia: James mennaj ou...poukisa kesyon sa?

Tacha: James se ti zanmim...li pa mennaj mwen. Mjis pozew kesyon an.

Nadia: Ben...se yon bo gason, djed li a bèl menm sim pa renmen sa. Li on ti jan dwòl tou.

Tacha: siw ta genyenl kòm mari, wap ka viv avèl?

Nadia: Oh...Chachou...mpoko ka marye...epi mgen rèv. Mpatap vle James.

Tacha: li gen sèlman 9ans anplis ou.

Nadia: oh...non...mpa vlel.

Tacha: li renmenw!

Nadia: dil mwen pa enterese.

Tacha: li gen anpil lajan wi sis e li ka retire matant mwen kotel ye. Siw ta avèl, lap baw kay, machinn, menm laptop la ou ta renmen genyen an, li ka ba oul.

Nadia: non...lè poum genyenl lan map genyenl byen dous.

Tacha: ah kouz...

Nadia: bon li nan laj ou, poukisaw pa renmen avèl?

Tacha: mwen gen tout sam bezwen deja.

Nadia: menw pa gen mari ak pitit.

Tacha: kouz ...map fè yon bon chwa pou ou, ou menm wap fè tenten?

Telefòn Nadia pran sone, li oblije leve li al reponn.

-allo.

- Nadia..

Nadia rekonèt touswit vwa Dex.

Nadia: wi...

Dex: kòmanw ye?

Nadia: mwen byen wi e ou menm?

Dex: mwen byen. Ou lakay ou a?

Nadia: wi!

Dex: vinn kotem deyò a.

Nadia: ok.

Nadia soti deyò a, li wè Dex nan machinn li an. Misye fèl monte

Dex: konsaw lagem?

Nadia: mwen te sèlman fè yon chwa ki enpe difisil poum ka viv pi byen.

Dex: eee...ou jwenn yon bon rezilta?

Nadia: mwen pa konnen.

Dex: ann rive nan jerry's pizza. Ou pwale?

Nadia: janm ye a?

Dex: ou très belle. Mwen remake kew chanje.

Nadia: en effet!

Dex: menm fasonw pale...waw.

Nadia: mwen pwal di kouzinn mwen sa.

Nadia al di Tacha lap rive channmas epil soti ak Dex yo al manje yon ti pizza.
Pandan yo anndan an, yap ri e fè foto...James wè yo. Misye bare figil epil soti an kòlè, li rele Tacha.

Tacha: hello James mon amour.

James: ey... Tacha...mwen fenk wè fanm nan ap pran plezil ak yon lòt nèg nan jerry's la...ou genlè blom?

Tacha: oh non...se jis zanmil li ye wi.

James: an...ou konnen epiw kitel soti avèl? sèlman ou te dim li bouche, mvlew ban mwenl tou bouche. Epi degajew pouw banm fanm mwen avan yon lòt blom tande. Paske si sa rive, li pap bon pou ou.

James rakwoche. Tacha tchipe epi li rale telefòn li, li rele Nadia.

Nadia: allo.

Tacha: dat ou soti la...kotew?

Nadia: oh kouz...mwen ak Dex wi.

Tacha: fè vit vini...ou konnen nap soti pita.

Nadia: hum...ben ok.

Nadia met telefòn nan, nan pòch li.

Dex: saw gen la?

Nadia: fòk mwen ale. Map soti ak kouz mwen aswè a.

Dex: aswè a? kibò nou pwale?

Nadia: nan yon bar?

Dex: what? kouzinn ou ap mennenw nan bouzen?

Nadia: oh...mpa konprann ou.

Dex soti avèl epi yo al nan machinn nan.

Nadia: mpa renmen sa non.

Dex: Nadia...Mkonn al nan kafe wi e mesye yo konn ale tou. Daprè ou, kisa ki fè Tacha bezwen mennenw nan bar la?

Nadia: pounn al pran yon ti plezi.

Dex: Tacha se nèg lap mache pran wi. Se yon gwo erè manmanw te ka fè wi...poul te voyew ba li. Kounya wap kitel mennenw nan kafe?

Nadia: li paka fèm anyen. Se kouzinn mwen.

Dex: ou poko tande frè kap touye frè?

Nadia: men...

Dex: banm mennenw ale. de tout fason, mpa konseyew ale ok.

Nadia: ok.

Dex mennen Nadia lakay li epi li ale kay Lens.

Continue Reading

You'll Also Like

701 209 10
« Salut, Jo. C'est Lou, ton amie. Je voulais te demander, est-ce que le silence parle ? Parce que si c'est le cas, il est drôlement bavard en ce mome...
48.7K 3.5K 30
Dans ce livre il y aura le meilleur des blague de Toto 😂
33.6K 2.1K 46
Salem aleykoum warahmet Allah y wa barakatou vous aller bien ? Aujourd'hui je vais vous racontez une histoire, MON histoire. J'espère quel vous plair...
86.7K 1.6K 78
Salam,je m'appelle Aya j'ai 19 ans au moment des fait j'ai actuellement 23 ans l'histoire que je vais vous raconter est vrai c'est mon histoire .Je t...