NADIA

By StanyLovaa

802 101 0

Se istwa yon jèn tifi ki rele Nadia Bosco, Li gen 17ans e li ap fè filo. Kòm manmanl pat vle poul soti yon vy... More

Part 2
Part 3
Part 4
Part 5
Part 6
Part 7
Part 8
Part 9
Part 10
Part 11
Fin

Part 1

203 17 0
By StanyLovaa

     Tacha: allo...kouz kibòw ye la?

Nadia: mwen kanpe bò kote yon machann pòm wi kouz.

Tacha: ok...banm gade poum wè.

    Nadia pantan lè li wè yon machinn kanpe bo kotel lan epi li klaksonnen. Li wè Tacha desann machinn nan, li salyel epi li pran valiz li yo met nan machinn nan. Aprè yo monte e Tacha derape.

Nadia: kouz...ou bèl!

Tacha: mèsi bb.

Nadia: pou ou machinn sa?

Tacha: wi. Mennaj mwen ki ban mwenl.

Nadia: Oh...ok

Tacha: kòm se lundi lekòl ap ouvri, demen wap tou al enskri. Saw panse? mgentan aranjem ak direktè a pou li resevwaw.

Nadia: Ooh merci kouz. Ebyen mpa gen pwoblèm non.

Tacha: kote ou pwal rete a rele ruelle Chrétien, sou lalue.

Nadia: ok...wap viv poukont ou?

Tacha: wi...depi lè manmi mouri an. Patrick pati li pa janm tounen ni mpa gen nouvèl li.

Nadia: janm te anvi wè kouz mwen sa a. Hummm.. li te toujou gen yon ti jwèt pou lap fè avèm.

    Lè Tacha rive lakay li, li montre Nadia kay la epil tou bal chanm li. Li montrel sèvant lan.

Tacha: kouz...sa se chanm ou. Ou mèt alèz, e kèlkeswa saw bezwen an wap jwenn li ak rezèv. Mpwal rele matant mwen poum dil ou rive.

Nadia: ok kouz.

   Nadia kanpe lap admire chanm yo ba li an, bèl kabann 2 plas la. Epi aprè li kòmanse ranje rad li. Aprè, dòmi vinn pranl. Tacha vinn level li fèl al benyen e aprè yo al manje.
Pandan yo chitw nan salon an, yon zanmi Tacha pase wèl. Nadia leve li al nan chanm li.

Sandra: Tacha ma chérie, komanw ye?

Tacha: mwen byen kkt. Ou byen tonbe...

Sandra: esa map gad la wi...kibò ti bagay ki te chita la a soti?

Tacha: kouzinn mwen wi. Li sot okay. Yo pa vlel gwòs l, yo voyel ban mwen.

Sandra: matant ou pa byen nan tèt. Li ta bezwen ranje pitit fil, se anba je bwasèz tankou nou li voyel.

Tacha ri

Tacha: antouka...mte gentan bay direktè lekòl la de flanbe la poul pranl pou mwen ak yon rediksyon sou frè pou ane a jikaskel fini ak radòt lekòl li a.

Sandra: bon ou pa fini lekòl epi li pwal fini li menm... poul vinn pran nèg ou yo nan menw?

Tacha: kisa? non, pa gen sa. Epi se yon bon timoun li ye. Tout sam dil fè lap fè.

Sandra: se sa...Marc ap mennenm nan lanmè demen wi, ou pa prale?

Tacha: non...map soti avel.

Sandra: an ok...yo voye pitit baw okipe.

Tacha: Se kouzinn mwen, kisaw vlem fè?

Sandra: antouka...degajew avèk li janw kapab.

Tacha: map tann li gen 18ans poum fl komanse travay ban mwen. Fanm vyèj pa ret nan kay isi a.

Tacha ak Sandra ri epi yo bay lamen.
    Pandan se tan, Nadia li menm, lap panse ak tout ti zanmil yo ke li kite dèyè a. Se te bèl plezi lè yo pwal nan rivyè a ansanm pou yo al lave, benyen e bay blag.
Men kounya, li twouvel yon lòt kote san manmanl, san ti zanmil yo. Sèl sa li genyen kòm bon ti zanmil, se ti yoyokana yo te achte ba li avanl vini an. Menm sil poko konn kòman li fonksyone byen, men kanmèm li jwenn ti jwèt sou
li poul jwe.

    Nan demen, Tacha soti avèl, yo al nan lekòl lan. Yo al kote direktè a, li twouve lyen ki genyen ant kouzinn li an ak direktè a biza. Kòm Tacha te di mesye a se zanmil, donk li pa ret panse sou sa. Direktè a bal yon lis liv ke li ap bezwen. Kòm Nadia pa gen gwo kò, li rive jwenn yon inifòm ki bon pou li pami sa ki gen nan direksyon an.
  
       Pandan yo rantre lakay, Tacha tou ap eksplikel bagay yo.

Tacha: Nadou...demen sdv fòk ou al lekòl. Wap kwenn kaye ak plim nan menm. Kòm se filo ou pwal fè, degajew...travay pouw fini.

Nadia: oui...apresa fòk mwen al nan syans enfimyè poum ka toujou swanye manmanm lèl malad.

  Tacha Gadel

Tacha: Ah kouz...mpap dakò. Gen de bagay ki pi fasil pouw fè ke al chita ap etidye pakèt bagay. Gen fson ou ka fè lajan san ou pa depanse anpil.

Nadia: evre? tankou kisa?

Tacha: na gentan pale. Al fè Corn flakes ak lait pou mang.

Nadia: mèsi kouz.

Nadia al nan kizinn lan.
Tacha tchipe " bon mwen menm, paranm te gen kòb mpat ale nan inivèsite epi se ouk ta ale. Tchuipsss😒."

       Nan lendi, kòm se premye joul, Tacha mennen Nadia lekòl e li sèlman bal kòb poul pran moto lèl ap tounen.
Nan sal la, Nadia on ti jan etranj e tout elèv yo ap trip sou li.
Nan rekreasyon an li rete nan sal lan.

     Ti mesye yo ap gadel yo anvi al annuyel.
Dex: ti poupe sa sanble frajil wi mesye...

Lens: Ah...frajil? mpa bezwen wè konbyen fwal ouvri janm li deja...se toujou konsa lè yo fenk vini.

Marc: mesye...manvi al sou do pyel wi.

Dex: Oo...kisa? banm ale pito. Ou gen fanm wi ou menm.

Marc: 😒 ou pa genyen ditou ou menm. Se fini wap fini ak ti bout anba Natacha ak Suzie.

Lens: pawòl la resi pale!😂😂

Dex: antouka ou flanbe plis pasem. Ti poulèt sa se pou mwen.

Ben: ey mesye...sèlman nap voye moute. Mwen wèl sanble yon bon timoun wi. Limenna a depiw parèt sou li wap wè sa. Siw pa wèl sou figil wap wèl nan fasonl mache oubyen pale.

Dex: non...mwen respekte sa yo bro... depil se yon bon timoun mpap atake.

Lens: men si se yon ouvè lekò...😉

Marc: baton dans la classe!😂

Ben: lèw fini wa fèl pase nan baz.😁

Dex: Ah...ou konn bagay yo papa.

    Mesye yo bay lamen. Kòm yo sone, yo antre nan sal.
   Dex gen 18ans, li se pitit de moun ki gen lajan, se pou yo ka pinil epi fèl plis sou lekòl ki fè yo vinn metel la men li trè entèlijan.
   Ben se sèvo gwoup la. Li gen 17ans e li renmen fanm anpiiiiil.
    Marc li menm, li gen 19ans, li te double seconde, se fann lap fann medam yo lekòl lan e lèl fini li pase yo nan baz.  
      Lens li menm, li gen 18ans, men se yon vagabon fini. Li menm konn al nan kafe. Sepandan li pa neglije etid li paske si papal voyel andeyò, bagay yo pap bon pou li.

    Baz sa, yo relel " Ti lelit".
Natacha ak Suzie se de medam ki pi limenna nan lekòl la e yo pa menm ka asire mwayèn general lan, se de jistès yo rive nan filo.
     Se bò kote Natacha ke Nadia chita. Natacha tèlman ap bal move jan, li oblije rete lwenl.
 
Pandan pwofesè Chimie an finn travay, Nadia ap fèmen valiz li poul ale, Marc fè Dex siy epil voye yon boul papye sou li.
  Nadia vire.

Nadia: poukisa wi?

Marc: ooh...e mwenw pa pè?

Nadia: kiyès ki voyel?

Marc: mande Natacha ki bò kotew la!

Natacha: Marc, mpa nan tenten avèw tande. Depi yon ti pèlen vinn isi a ou bezwen koupe yo, se saw toujou fè.

Dex: konsaw ka pale ou menm?

Natacha: Dex, pa foure kòw ok...na pale pita.

Dex: kibò nap pale pita a?😒😒

Natacha: aah...😬😠

Nadia monte sousil epi li soti nan sal lan li ale. Lèl finn soti sou lari a, li kanpe lap tann moto.
Dex ap pase sou machinn li, li klaksonnen. Nadia twazel.

Dex: Je peux te conduire chez toi princesse?

Nadia: tu te crois dans un film? revient à la réalité.

   Nadia kanpe yon moto epil ale.
Dex fè kòlè " oo, sal te ye la! tchuipss"😠

Yon mwa pase, Nadia kòmanse abityel ak prensip lekòl la e li kòmanse chanje tou.
Nan lendi, pandan lap sot lekòl, li ap mache rapid, pyel vire. Li tonbe atè a e li ap gemi.
Dex te nan machinn li, lè li remake Nadia atè a li kouri desann machinn nan poul al edel.

Dex: Nadia...saw gen la?

Nadia: cheviy mwen tòde.😭

Dex: banm edew...

Nadia : pa manyenm😬.

Dex: mwen pap fèw anyen...msèlman vle edew. ok? je peux?

Nadia: wi.

Dex soulvel e li edel monte machinn nan. Nadia gidel jiskaske Dex jwenn kay la e li desann poul al edel antre.
Lè yo antre, Tacha parèt.

Tacha: Bonsoir...oh kouz...saw genyen?

Dex: cheviy li vire...men mpa kwè se grav.

Tacha: oooh.

Dex: fèm jwenn yon twal svp.

Tacha: yon twal??

Dex: wi...yon écharpe.

Tacha al chèche yon twal an fom bandaj pote ba li.

Tacha: sel sa mwen gen la.

Dex: ok...map degajem avèl. Mèsi.

Dex retire chosèt la ak soulye a nan pye Nadia epil fè sa lap fè a.
Aprè li leve e li remake ke Nadia ap gadel dwòl.

Nadia: mèsi...

Dex: de rien. Alors, nou ka pale kounya?

Nadia oblije di wi paske si se pat li, li pa konn kòmanl ta rantre lakay li.
  Se ensidan sa a ki pwal mennen yon gran amitye ant Nadia ak Dex. Dex montrel kòman poul fè sms poul ekri, donk chak jou yap ekri yap bay blag e depi Dex la, moun paka ni manyen ni pale mal ak Nadia.
     Yon samdi, Gen yon nèg ki pase pran Tacha li soti avèl.
Nadia te poukont li ak sèvant lan.
   Kòm li fò nan chimie, Dex ak zanmil yo te pase kotel pou yo ka travay ansanm. Nadia pran valiz li ak fèy blanch epi yo al chita sou galri a paske yo pa gen tablo.
    Lè mesye yo pwale, li al akonpanye yo.
         Tacha li menm, nan Hotel lap byen pase ak Djed li an.

Max James: Tacha...kilèw ap banm fanm nan?

Tacha: fòk ou tann Max...li poko prè.

Max James: prè poukisa Tacha? nan bagay sa yo pa gen prè ou pa non.

Tacha: tann aprè examen filo.

Max James: oh...se an novanm nou ye la wi. Poum tann tout tan sa?

Tacha: ebyen mpap bay ankò.

Max James: ou ka pa bay li? Pa bliye se yon accord nou te pase. Se banm ma baw. Mpretew 50 mil pou retire tèt ou nan yon sitiyasyon, ou menm wap jerem yon lòt fason. Aprè bèl moman sa nou sot pase la, pa nèvem tande.

Tacha: bon saw gen la..oo...mjis diw tann. Lèl gen 18ans li pap pi bon pou ou?

Max James: ebyen ok.

    Aprè konvèsasyon sa yo kontinye ap pran plezi yo, epi aprè li al depoze Tacha lakay li.
   Lè Tacha antre, li jwenn Nadia chita nan salon an.

Tacha: kouz...

Nadia: Tachou. Kòmanw ye?

Tacha: mwen byen. Mvinn fon ti pale avew...

Nadia: oui...

Tacha: kisaw ta renmen fè pou fete 18 anw?

Nadia: men...se lòt ane...25juin.

Tacha: oui je sais...

Nadia: mpa knn fè anyen non lè fèt mwen.

Tacha: ok men...lakay mwen, mtoujou fè fèt...donk fòk ou fè. Ou mèt dim...map jere sa.

Nadia: Alors...seulement yon ti fèt ki gen animasyon, jeu de lumières. Lotrejou lew te pase bò bar lan avem mte wè anndanl, mrenmen anbyans sa yo.

Tacha: lèw gen 18ans map mennenw.

Nadia: ok... Dex te la ak zanmil yo wi...nou tap travay chimie.

Tacha: An ok. Bon...mal fon kouche.

Nadia: Ok kouz.

        Nan lendi, Nadia al lekòl. Dex leve li vinn chita bò kotel. Pwof la poko vini, yap bay blag.
Lè Natacha parèt, li pouse Dex.

Dex: poukisa wi?

Natacha: kounya se la ou chita?

Dex: epi?

Natacha: la se plas mwen.

Dex: ou ka toujou chita wi. Ban sa yo pran kat moun.

Natacha: ebyen poukisa ou pa pran fanm ou an l metel nan fant janm ou dèyè a?

Dex leve kanpe, an kolè.

Dex: Natacha..fè respèw tande. Bat poum pa aviliw isi a. Saw ap machande a, baz Ti lelit ka achtel nan menw wi.

Nadia: jèn fi...mpa enpozew byen pase ak nèg ou non. Sof ke sil te bezwenw epa konsal tap tretew. Ranje nenw nan figiw.

Natacha vole sou Nadia,Lens ak Dex gentan kenbel.
Domaj pou yo, direktè an tap pase bò klas la, li ba yo pinisyon, li voye yo lakay yo.

Marc: Yo...Dex. Lèw ap ranmase papye, gad figi yo avan tande men, gen ladan yo se fatra yo ye.

   Natacha twaze Marc. Nadia rantre lakay li.
Dex monte nan machinn nan ak zanmil yo, yap tann lè a pase.

Marc: Dex...ou pa janm di nou anyen pou bagay la non!

Dex: ki bagay bro?

Marc: fanm nan. Ban mwenl man...

Dex: e pou mwenl ye?

Marc: ah pa fè sa!

Dex: Ben, ou sonje bagay la?

Ben: yeah man!

Lens: sal ye la?

Dex: mte di si se yon bon timoun map lage pyem. Mpap bann manti
mesye, fanm sa anfòm enteryèman.

Marc: kounya ou gentan damoul la?

Dex: zanmim li ye. E mprè poum defann li.

Lens pran chante...

Lens: les hommes n'ont pas grandit dans la logique de devenir juste des amis...

Dex: pozew tande frè!

Lens: mpa diw anyen non. Depozem atè!

Ben: sèl sam konnen, tou manti pa fon. Ou genlè damou fanm nan.

Dex: ah mdiw non.

Marc: li renmenl wi. Si non li patap an kòlè.

   Dex jennen, li fè silans, li jis kite mesye yo ap bay blag poukont yo. Lespril ap vwayaje byen lwen. Lap panse ak papal ki anvi divòse ak manmanl pou koz enfidelite. Si moun sa yo kite, li pwal oblije al viv ak youn ladan yo e li pa anvi fè tout bagay sa yo. Pou chak vire lap dòmi yon kote. Si sèlman lanati te ka di yon mo pou gen yon antant ki fèt ant paranl. Papal pap aksepte pou li al viv poukont li.
    Enfidelite nan yon relasyon koze anpil pwoblèm. Si moun nan fèl yon fwa ou ka padonel men lè li pran plezi ap fèl ak plizyè moun, sa se yon lòt koze. Fòk ou gen kè pouw gade moun sa bò kotew paskel trayiw.

       Sandra, zanmi Tacha, soti avèk nouvo mennaj li Marc, yo al nan hotel, yal pase yon moman a de. Lè lap tounen, Marc mandel pou li pase kay yon zanmi avèl, Sandra aksepte.
Li wè Marc fè anpil wout avèl. Lè yo resi rive kote a,yo desann.
Lè yo antre, Sandra wè kote a plen jèn gason, li pè antre paske gen vizaj li konnen.
Marc pousel antre.

Sandra: chéri... kibòw mennenm la?

Marc: saw genyen ou pè a?

Sandra: mennenm ale chéri...

Marc kenbe bral byen di, li voyel nan mitan mesye yo. Sandra tonbe atè a.  Gen youn nan sa li rekonèt yo ki pranl nan manton li ralel poul kanpe epil virel pou lò yo wèl.

Joe: mèwi...se ti bouzen sa ki konn ap fè lajan sou tèt nou nan bar lan wi.

Marc: ah bon...

Tor: gen yon lòt penbèch ki konn avèl. Manzè se fanm yon djed.

Marc: an... mwen konn ti fanm sa a.
Marc bay Sandra yon kalòt, li rale zam li epil kenbel byen di.

Marc: le jou mta wè swa ou menm, swa lòt ti pa bon parèy ou a mete zago nou nan bar sa map lage yon bal nan tèt nou chak. Ou tandem?

Joe: malè avèw tou...siw al rakonte voryen ou yo sa ki pase a.

Sandra pran kriye, li sekwe tèt li poul fè konnen ke li dakò.
Marc fèl monte nan machinn nan kòm si pat gen anyen epi lal lage devan pòt lakay li a.

Marc: ou nan de pla menm tande.

Lè Marc finn di sa, li derape, li ale.

Continue Reading

You'll Also Like

561 92 30
Cette histoire parle d'une rencontre fortuite entre sœurs. De jalousie excessive et de drame au sein d'un royaume dans l'époque antique. Également de...
9.9K 521 10
La solitude et le silence sont des faiblesses mais peuvent devenir des forces si ils sont bien utiliser. Le contre sens est une faiblesse mais devi...
27.2K 2.1K 93
Un livre sur le shifting qui tentera de démêler le vrai du faux car trop d'infos fausses circulent ! Et je vous donnerai en plus des conseils qui son...
266K 10.6K 119
L'histoire va parler de maïna une jeune fille de 18ans marocaine américaine maïna est orpheline depuis sa naissance ces parent non jamais voulut d'el...