Eske nou deja viv sansasyon saa? Lè se grenn Moun ki te konn seche dlo nan zyew deside ale...
Lè se sèl Moun ki konprann ou an, Yon sèl kou li disparèt san eksplikasyon...
Le se sèl Moun ki te toujou la pou ou a ba w' vag san w' pa konn pou kisa, ou chèchè san w' pa konn poukisa, ou mande kisa w' f wap peye.
Ou vin pa ka fè pyès moun konfyans ou vin tankou Yon moun ki san kè wap jwenn anpil moun k'ap jije w' san yo pa konn sak fèw konsa, ABANDON sa se pi move mo nan vi sa ke w' ka affronte, sa vin sou ou lew plis pa atann.
Kapab pou Yon rezon kèlkonk, dèfwa se yon bon zanmiw, dèfwa se pròp fanmiw, e dèfwa se mennaj ou
Imaj yo la, moman yo nan tèt ou, men Moun nan pa la alòske li te promèt ou lap toujou rete,lap toujou la pou ou épi Yon sèl kou li bliye promès li yo. Sa mande anpil fòs ak kouraj pouw kontinye.
