Sa te pase an 2016, aktyèlman mwen abite klèsin 4 ak manman m, nou 2 a nan yon chanm kay, an verite se te toujou nou 2 a.
Dènye fwa m te wè papa m m te gen 4 lane, men mwen te grandi ak yon bòpè, sitiyasyon m pat si mal lakoz gen moun ki te pi mal pase m,
men mwen m te toujou santi m mal nan mwen, tankou m te manke yon bagay, yon bagay ke m pat fouti idantifye,
èske se te zanmi ? èske se te lajan ? èske se te lanmou ? èske se te rekonesans ? M pa konnen, men l ka tout sa yo a la fwa.
Vrè istwa m pral kòmanse an me 2016, 13 me 2016 kote vi m pral chanje konplètman, li te 5è egzakteman nan moman m te gon diskisyon ak manman m ki tap joure m paske m fini lekòl men m pa konn kisa m vle aprann paske posiblite yo limite, li te di m lap voye m Sendomeng men m te dil mpat dakò, madanm lan te tonbe pale anpil, e mwen m te chita nan kwen tab la a goch, m tap gad bouch li kap pale, m tap eseye konprann sa l tap di men bri lapli a sou do tòl la pat banm chans, tanzantan yon loray gwonde epi kè m bat fò, tout fèy tòl yo pran sekwe. Li te kontinye ap pale nan moman mte dil map vini m pral dèyè a, an verite mte benzwen respire, men l te dim se avèm lap pale mpa gen dwa vire bouda m ba li, mte dil mpap rete son bagay mpra l dèyè mte bliye antre l avan lapli a tonbe.
Mwen leve m kouri monte mach la mal kanpe nan lakou a dèyè a, mte ret kanpe la nan lapli a, m pat santi m ni frèt ni cho, dayè m te renmen sansasyon sa, e nan moman an m te vin santi yon bagay, m pat konn kisa l te ye o jis men l tap fè m mal tout anndan m, se tankou yo raj ki tap monte ak tout dlo je, ak tout rèl, èske m te dwe kite l sòti ? M pat poze tèt mwen kesyon sa vre, m te tonbe rele, kriye, m tap panse ak tout vye bagay kap rive m yo, fò m diw byen antanke jèn vi m pat stab ditou, ni emosyonèlman, ni finansyèman, m te konn santi m raz e initil souvan, tout zanmi m ap regle yon bagay nan vi yo e mwen m la mtap bay manti, mtap bay bon zanmi m manti sou vi m ap mennen, m tap bay tout moun manti men m menaj mwen. Mpat santi m ap viv, mpat santi m dwe viv, e se petèt tout sa yo ki pral fè m di yon bagay ke m pat dwe di, poutan se bagay sa ki pral chanje vi m.
Pandan m anba lapli an mtap fè tout refleksyon sa yo, m tap kriye, m tap joure pwòp tèt mwen ¨ kisa m itil ¨, petèt se dezespwa, petèt se chagren, petèt se tou senpleman depresyon, e se la m pral di koze mpat dwe di an, m leve tèt mwen gad syèl lan, mte santi chak gout dlo ki tap tonbe sou figi m, m te santi chak gou dlo lapli ki tap melanje ak dlo je m e ki te pran koule sou machwè m, mte wè syèl la tou gri, e mte santi raj sa ki anndan m lan tou, raj sa ki tap monte, epi m ouvri bouch mwen mdi : ¨ Ou kreye tout bagay pou itil ou ? kisa m itil mwen ? pou kisa w pa boule m ak yon kout zeklè w fini ¨
Omwen mta konnen si gon Bondje ki egziste vre, kèk segond aprè mte tande manman m tap rele m, li tap sot deyò vin gad sa mtap regle dat sa,
e se menm moman an mdeside deplase, mte wè l anba a tou fache li te met yon sèvyèt sou tèt li, e menm moman an mwen wèl pouse yon kri, li lage sèvyèt la e li pran kouri vin jwenn mwen, se tankou tan an te ralanti, mtap gad vizaj li, mouvman l yo pat rapid, mwen te wè gout dlo yo ki tap desann tou dousman, m pat konn pou kisa mte santi chalè sa nan kòm, mpat konn pou kisa mte gen gou metalize sa nan bouch mwen, danm te sere, menm te sere, mte santim byen e an menm tan mwen te angwase anpil, mte santi m ap panche, tankou m mpral tonbe e tanzantan mwen wè map panche plis, jistan mwen wèm kouche atè a sou do, kèk segond aprè mwen wè manmanm kote m lan, li pat vle manyen m, men l tap kriye, e mwen m pat ka fè anyen, mpat ka pale, m pat ka bouje, m te tande tout sa l tap di yo men m pat fouti reyaji, petèt se manman m ki te gen rezon, petèt Bondje egziste vre, petèt mwen initil vre, men nan moman an sa m ka konfime a se je m yo ki te lou, mte anvi fèmen yo, m santi si m te fèmen yo m tap santi m byen anpil, men m te pè fè sa, m pat vle kite manman m poukont li.
Petèt mwen pral mouri, eske lanmò dous e fasil konsa vre ? Poukisa m pa wè limyè nan yon tinèl jan yo konn di nan fim yo, men m pat ka reziste ak fèmen je m, m te rive di yon mo avanm fèmen yo, e map raple m mte di ¨tout sak ale an won tounen an won¨ epi m fèmen je m, m te pantan nan yon sal vid, li pat vid vre men m patka dekri sa m wè yo, m te panse m nan paradi, men aprè mwen wè yon mesye ki vin jwenn mwen, yon bèl mesye, bèl wotè li te abiye ak yon wòb koulè jòn li mache ak van, tout ozalantou l se gwo van, mpat menm ka gadel byen mwen te bouche figi m tèlman van yo tap dechennen, epi l di m, lè w poko rive gason m, al di yo ou se Loko, epi men m moman an mwen ouvri je m mwen wè m kouche sou do mwen te nan oksijèn, mpat konn nan ki lopital men sal la pa twò gwo, m gad adwat mwen wè manman m kap dòmi sou yon chèz, m gad a goch mwen wè menaj mwen, tèt li te sou pye m ak yon chaplè nan men l, mpatko ka bouje twòp men m te jwenn fòs pou m fon souke pye goch mwen , epi l leve tèt li, li souri epi li kouri souke manman m, li kouri al rele doktè, manmanm vin pale avèm, mpat twò reyaji, mpat gen fòs ase. M pa konn si m te nan yon rèv, oubyen se sa map viv pandan m kouche a ki rèv la, sè l sam konnen m pa santim menm moun lan ankò ...
YOU ARE READING
Pitit Loko
AdventureSe istwa yon jèn gason ki pat gen anyen de spesyal, men ki vin dekouvri l gen yon bann kapasite aprè yon zeklè fin frape l, e ki pral itilize kapasite sa yo pou l pote jistis na zòn li, li pral kontre yon bann difikilte, istwa sa sonb anpil, gen kè...
