Selfi

53 5 1
                                        


M'bezwen yon sèl fi
Pouli m pa'p bezwen bay dan di
Ak li m'ka poste fè sèlfi
Men'm si m'konnen'l ka yon madi
Ak li pa'p jan'm gen figi di
E ak li m'konte fon sèl fi

Se li sèl ki pral ban'm anvi
Anvi mouri, peri, soufri
Ah, tout se ekilib sa'k fè'm plezi
Daye depil tonbe damou, soufri peri, tout ap pati
Renmen'l ba'l love sak fe'l crazy

Pou mwen se li ka'p paradi
Manyen'l touche'l fè kè'm pati
Pou li tout dimanche se lendi
Lè'm avèl minwi se midi
Men'm si'm santi kèm vle piti
Manyen'l beze'l fè kè'm grandi

Ak li m'santi lavi'm chanje
Pou fanmi'l pa'p janm etranje
Pou li mwen se pi gran D.G
San li mwen santim an danje

Yon fi tankou'l nou vle genyen
Paske avel ou pap janm plenyen
Pap menm pale pou penpennen
Alevwa pou figi fennen
Men domaj son rèv mwen genyen

                          Jeanty Wesley

You've reached the end of published parts.

⏰ Last updated: Jul 24, 2017 ⏰

Add this story to your Library to get notified about new parts!

SelfiWhere stories live. Discover now